1Apre sa, mwen tande yon bri tankou vwa Sòm 104.35; Rev 11.15 yon gwo foul moun nan syèl la ki t'ap pale byen fò. Yo t'ap di:
— Lwanj pou Bondye nou an! Se li menm ki delivre nou. Tout onè, tout pouvwa se pou li.
2Li 2 Wa 9.7; Det 32.43; Sòm 19.9; 119.137; Rev 16.7; 6.10 jije dapre laverite san patipri. Li kondannen gwo jennès ki t'ap pèvèti latè ak imoralite l la. Li pini l byen pini, paske li te mete san sèvitè Bondye yo deyò, li te touye yo.
3Yo Sòm 104.35; Eza 34.10 t'ap di ankò:
— Lwanj pou Bondye! Paske lafimen dife k'ap boule gwo lavil la ap moute pou tout tan.
4Vennkat Rev 5.14; Eza 6.1; Sòm 47.8; 106.48 granmoun yo ak kat kreyati vivan yo tonbe ajenou, yo adore Bondye ki chita sou fòtèy la. Yo t'ap di:
— Wi se vre, beniswa letènèl Bondye nou an!
Resèpsyon maryaj ti Mouton an5Yon Sòm 22.23; 115.13; 134.1; 135.1 vwa pale fò kot fòtèy la, li t'ap di:
— Ann fè lwanj Bondye nou an, nou tout k'ap sèvi li yo, nou tout nèt ki gen krentif pou li yo, piti kou gran!
6Apre Da 10.6; Rev 11.15; Eze 1.24; 43.2; Sòm 93.1; 97.1; 99.1 sa, mwen tande yon bri tankou vwa yon gwo foul moun, tankou yon gwo dlo k'ap tonbe nan yon kaskad, ou ankò tankou yon gwo kout loray. Mwen tande yo t'ap di:
— Lwanj pou Bondye! Paske Mèt la, Bondye nou ki gen pouvwa a, ap gouvènen tankou yon wa.
7Ann Sòm 118.24; Rev 21.2,9 fè kè nou kontan! Ann kontan anpil! Ann chante pou li! Paske, lè a rive kounyeya pou fete maryaj ti Mouton an. Lamarye a pare.
8Yo Sòm 45.14; Eza 61.10 ba l dwa abiye ak twal fen, byen klere, byen pwòp. (Twal fen an, se tout bagay pèp Bondye a te fè ki dwat devan Bondye.)
9Zanj Lik 14.15 lan di mwen:
— Koulyeya, ou mèt ekri: Benediksyon pou tout moun yo envite nan resepsyon maryaj ti Mouton an!
Apre sa li di mwen:
— Pawòl sa yo se pawòl Bondye tout bon.
10Mwen Rev 12.11; 22.8; Tra 10.25,26 lage kò m atè pou m adore li. Men, li di m:
— Non, pa fè sa. Se sèvi m'ap sèvi Bondye ansanm avè ou, ansanm ak tout frè ou yo ki kenbe pawòl Jezi a byen fèm. Se Bondye pou ou adore.
Pawòl Jezi a, se li menm ki nan bouch pwofèt yo.
Kavalye ki sou chwal blan an11Apre Eze 1.1; Sòm 96.13; Rev 3.14; Eza 11.4 sa, mwen wè syèl la louvri, epi o! yon chwal blan parèt. Yo te rele moun ki sou li a: Nonm serye ki pa nan bay manti. L'ap jije, l'ap mennen batay la jan sa dwe fèt.
12Je l Da 10.6; Rev 1.14; 2.18; 3.12 yo klere tankou flanm dife. Li te gen yon bann kouwòn sou tèt li. Li te gen yon non ekri. Se li menm sèl ki te konnen non sa a, pèsonn dòt pat konnen li.
13Li Eza 63.1; Jan 1.1 te gen yon rad benyen nan san. Yo rele l pawòl Bondye.
14Lame Rev 17.14 ki nan syèl la t'ap swiv li. Yo tout te moute sou chwal blan, yo te abiye ak bèl rad twal fen, byen klere, byen pwòp.
15Yon Rev 12.5; 14.20; Eza 11.4; 63.3 nepe byen file t'ap sòti nan bouch kavalye a. Se ak nepe sa a li t'ap frape nasyon yo. Li t'ap mennen yo ak yon baton fè. Li t'ap kraze rezen yo nan moulen diven gwo kòlè Bondye ki gen tout pouvwa a.
16Sou Det 10.17; Da 2.47; Rev 17.14; 1 Tim 6.15 rad li ak sou janm li, yo te ekri non sa a: Wadèwa, Chèf tout chèf.
17Apre Eze 39.4,17-20 sa, mwen wè yon zanj kanpe nan solèy la. Li t'ap pale ak tout zwazo k'ap vole nan syèl la, li t'ap di yo byen fò:
— Vini. Nou tout, sanble pou gwo manje resèpsyon Bondye a.
18Vin manje vyann wa yo ak vyann jeneral yo, vyann sòlda yo, vyann chwal yo ansanm ak vyann kavalye yo, vyann tout moun, esklav kou lib, piti kou gran.
19Apre Sòm 2.2; Rev 16.16 sa, mwen wè bèt la ansanm ak wa latè yo ak tout lame pa yo. Yo te sanble pou yo te ka goumen kont moun ki te moute sou chwal la ak tout lame pa l la.
20Yo Rev 13.11-17; 20.10; Da 7.11,26 fè bèt la prizonye ansanm ak fo pwofèt ki te fè anpil mirak devan l lan. Se avèk mirak sa yo li te rive twonpe moun ki te resevwa mak bèt la, ki t'ap adore estati l la. Yo jete bèt la ak fo pwofèt la tou vivan nan gwo letan dife kote y'ap boule souf la.
21Nepe Eze 39.17,20 ki t'ap sòti nan bouch moun ki te moute sou chwal la te touye tout lòt yo. Tout zwazo yo te manje vyann plen vant yo.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.