1Senyè a di Moyiz konsa:
— Ale bò kote farawon an, w'a di l: Men Egz 8.1 sa Senyè a, Bondye pèp ebre a, voye di ou: Kite pèp mwen an ale pou yo ka fè sèvis pou mwen.
2Si ou derefize kite yo ale, si ou kenbe yo toujou, men sa k pral rive:
3M'ap Egz 7.4; 1 Sam 6.3,5; Tra 13.11 leve men m sou bèt ou gen nan jaden ou yo: chwal, bourik, chamo, bèf, mouton, kabrit. Yon gwo maladi pral tonbe sou yo.
4Men Egz 8.22 m'a veye pou sa ki rive bèt moun peyi Lejip yo pa rive bèt moun pèp Izrayèl yo, pou okenn bèt moun pèp Izrayèl yo pa mouri.
5Senyè a fikse jou pou l fè bagay sa a. Li di se denmen l'ap fè sa nan tout peyi a.
6Nan Egz 9.19 denmen vre, Senyè a fè sa li te di li t'ap fè a: Tout bèt moun Lejip yo mouri. Men okenn nan bèt moun Izrayèl yo pa te mouri.
7Farawon Egz 7.14 an voye pran nouvèl sa k pase: li vin konnen pat gen yonn nan bèt moun Izrayèl yo ki te mouri. Men, farawon an t'ap fè tèt di toujou. Li pat vle kite pèp la ale.
Apse sou moun ni sou bèt8Apre sa, Senyè a di Moyiz ak Arawon:
— Plen de men nou ak sann dife. Se pou Moyiz voye sann lan jete anlè devan farawon an.
9Sann Det 28.27; 2 Wa 20.7; Jòb 2.7; Rev 16.2 lan pral gaye tankou pousyè pou l kouvri tout peyi Lejip la. Toupatou li pral fè yon kantite bouton leve sou tout moun ak sou tout bèt nan peyi a. Lèfini, bouton yo ap pete, y'ap fè maleng.
10Yo pran sann dife a, yo parèt devan farawon an. Moyiz voye sann lan jete anlè. Sann lan fè bouton leve sou tout moun ak sou tout bèt. Epi bouton yo pete fè maleng.
11Ata Egz 7.11; 2 Tim 3.9 majisyen yo pat kapab parèt devan Moyiz, paske yo te kouvri ak maleng tou tankou tout moun peyi Lejip yo.
12Men Egz 4.21 Senyè a te fè farawon an fè tèt di pi rèd. Farawon an pat koute Moyiz ak Arawon, tankou Senyè a te di Moyiz la.
Lagrèl sou tout peyi a13Senyè a Egz 8.20 di Moyiz konsa:
— Leve granmaten, al parèt devan farawon an. W'a di l: Men sa Senyè a, Bondye pèp ebre a, voye di ou: Kite pèp mwen an ale pou yo ka al fè sèvis pou mwen.
14Paske, Egz 8.10; 2 Sam 7.22; Sòm 71.19; 86.8; Jer 10.6,7 fwa sa a, mwen pral voye tout kalite malè mwen konn fè yo sou ou menm menm, sou moun pa ou yo ak sou tout pèp ou a. Konsa, w'a konnen pa gen tankou m sou tout latè.
15Si mwen te lonje men m pou m te lage lanmò sou ou ansanm ak tout pèp ou a, nou tout nou te disparèt nèt sou latè.
16Men, Ney 9.10; Pwo 16.4; Wòm 9.17 mwen kite nou viv pou nou kapab wè pouvwa mwen, pou moun ka nonmen non m sou tout latè.
17Men w'ap pran pòz awogan ou avèk pèp mwen an, ou pa vle kite yo ale.
18Koute! Fwa sa a, denmen mwen pral fè lagrèl tonbe tankou lapli, bagay moun poko janm wè nan peyi Lejip, depi peyi a peyi jouk jounen jòdi a.
19Kounyeya, bay lòd pou yo pran tout bèt nou gen nan jaden ak tout lòt bagay nou gen deyò mete yo anndan kay pou pwoteje yo. Paske, yon gwo lagrèl pral tonbe sou tout moun ak sou tout bèt ki deyò. Yo pral mouri.
20Te gen kèk moun nan moun pa farawon yo ki te pè lè yo tande sa Senyè a te di. Yo fè tout domestik yo ansanm ak tout bèt yo antre anba kay.
21Men, gen lòt ki pat okipe sa Senyè a te di. Yo kite tout domestik yo ak tout bèt yo deyò.
22Senyè a Egz 10.12; 14.21 di Moyiz konsa:
— Leve men ou anlè. Lagrèl pral tonbe sou tout peyi Lejip la, sou tout moun ki deyò, sou tout bèt ak sou tout plant ki nan jaden.
23Moyiz Joz 10.11; Sòm 18.13; 78.47; Eza 30.30; Eze 38.22; Rev 8.7 lonje baton l lan anlè nan syèl la. Senyè a voye loray, lagrèl ak zeklè. Loray la tonbe anpil kote. Wi, Senyè a voye lagrèl sou tout peyi Lejip la.
24Lagrèl t'ap tonbe, zeklè t'ap fè yanyan nan syèl la. Se te pi gwo kout tan ki te tonbe sou peyi a depi peyi a peyi.
25Lagrèl Sòm 105.33 tonbe toupatou nan peyi Lejip la. Li tonbe sou tou sa ki te deyò, sou tout moun ak sou tout bèt. Li tonbe sou tout plant ki nan jaden, li kraze tout pyebwa.
26Se Egz 8.22 sèl nan peyi Gochenn lan lagrèl la pat tonbe. Se la moun pèp Izrayèl yo te rete.
27Farawon Egz 10.16; 2 Kwo 12.6; Sòm 129.4; Da 9.14 an fè rele Moyiz ak Arawon, li di yo konsa:
— Fwa sa a, mwen rekonèt tò mwen. Se Senyè a ki gen rezon. Se mwen menm ak pèp mwen an ki antò.
28Lapriyè Egz 8.8 Senyè a pou l fè loray la sispann, pou l fè lagrèl la rete. Mwen pwomèt pou m kite nou ale. Nou pa bèzwen rete ankò.
29Moyiz 1 Wa 8.22,38; Sòm 24.1; 143.6; Eza 1.15; 1 Kor 10.26 di l konsa:
— Sòti m sòti lavil la, mwen pral lapriyè nan pye Senyè a. Loray la va sispann, p'ap gen lagrèl ankò. Konsa w'a konnen tè a se pou Senyè a li ye.
30Men Eza 26.10 mwen konnen ni ou menm, ni moun pa ou yo, nou poko ap respekte Senyè a, Bondye a.
31Tout pye koton swa yo ak tout jaden lòj yo te boule. Lòj la te deja fè grap, koton yo t'ap fleri.
32Men ble ak pitimi pat gate, paske yo toujou an reta sou lòt plant yo.
33Moyiz sòti lakay farawon an, l'al andeyò lavil la. Li lapriyè nan pye Senyè a. Loray la sispann, lagrèl la rete. Pat gen lapli ankò.
34Lè Egz 8.15 farawon an wè lapli a, lagrèl la ak loray la sispann, li kontinye fè peche toujou. Li fè tèt di, li menm ansanm ak tout moun pa l yo.
35Nan Egz 7.13 fè tèt di sa a, li pat kite moun pèp Izrayèl yo ale, jan Senyè a te fè Moyiz al di l la.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.