Sòm 59 - 1998 Haitian Creole

SÒM 59 (58)Lapriyè pou chatiman mechan yo(1) Pou Sòm 18.48; 20.1 chèf sanba yo. Se pou yo chante l sou menm lè ak chante ki di: Pa detwi. Se yon chante David te ekri lè Sayil te voye moun veye kay li pou touye l.

1(2) Delivre m anba lènmi m yo, Bondye mwen!

Pwoteje m pou moun k'ap leve dèyè m yo pa jwenn mwen!

2(3) Delivre m 1 Sam 19.11; 24.11; Sòm 10.9; 56.6 anba malveyan yo!

Sove m anba ansasen sa yo!

3(4) Yo mete anbiskad pou yo touye m.

Yon bann ansasen ap fè konplo sou do mwen,

san m pa fè anyen ki mal,

san m pa fè okenn fòt, Senyè.

4(5) Malgre Sòm 80.4 mwen inonsan, y'ap kouri, y'ap pare tann mwen!

Leve non! Vin bò kote mwen! Gade yo!

5(6) Ou menm, Senyè, Bondye, ou menm ki chèf lame zanj yo,

ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, leve non!

Vin pini moun lòt nasyon yo!

Se pou ou san pitye pou bann mechan sa yo k'ap trayi ou!

6(7) Chak Jòb 22.13; Sòm 57.4; Pwo 15.28 swa, yo tounen.

Yo mache nan tout lavil la, y'ap jape tankou chen.

7(8) Tande Sòm 2.4 sa y'ap di! Tande jan y'ap pale!

Lang nan bouch yo, ou ta di se yon ponya!

Y'ap di: Pa gen moun k'ap tande nou!

8(9) Men Sòm 9.9 ou menm, Senyè, ou pase yo nan rizib!

Ou pase tout nasyon yo nan jwèt.

9(10) Se Sòm 54.7 ou ki tout defans mwen, se sou ou mwen konte.

Bondye, se bò kote ou mwen jwenn pwoteksyon.

10(11) Bondye Sòm 55.23 mwen, w'ap vin kanpe bò kote m, paske ou renmen m.

W'ap fè m wè jan moun k'ap pèsekite m yo ap fini mal.

11(12) Pa touye yo pou moun pa m yo ka chonje!

Avèk pouvwa ou, fè yo pa konn sa y'ap fè, fè yo tonbe.

Senyè, se ou menm ki tout pwoteksyon mwen.

12(13) Chak Sòm 7.9 pawòl ki sòti nan bouch yo se yon peche.

Se pwòp lògèy yo k'ap fini ak yo.

Se madichon ak manti ase k'ap sòti nan bouch yo.

13(14) Lè ou an kòlè, fini ak yo. Fini ak yo nèt, fè yo disparèt.

Fè tout moun konnen se Bondye k'ap gouvènen nan peyi Jakòb la.

Se li k'ap gouvènen toupatou sou latè.

14(15) Chak Jòb 15.23; Sòm 109.10 swa, yo tounen.

Y'ap jape tankou chen,

y'ap mache nan tout lavil la.

15(16) Y'ap moute desann, y'ap chache manje.

Y'ap plenn paske yo pa jwenn ase pou plen vant yo.

16(17) Men mwen menm, m'ap chante pou m di jan ou gen pouvwa.

Chak maten m'a fè lwanj ou

pou m di jan ou pa janm sispann renmen nou.

Paske, se ou ki tout defans mwen,

se bò kote ou mwen te jwenn pwoteksyon lè m te anba tray.

17(18) Wi, m'ap fè lwanj ou, ou menm ki tout defans mwen.

Se bò kote Bondye mwen jwenn pwoteksyon,

bò kote Bondye ki renmen m lan.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help