Ezayi 61 - 1998 Haitian Creole

Nouvèl delivrans Bondye a

1Lespri Bondye, Senyè a, desann

Yo pral grandi tankou gwo pyebwa nan jaden Senyè a te plante ak men li.

Yo pral fè sa ki dwat devan Bondye

pou tout moun ka fè lwanj bèl pou vwa li.

4Yo Eza 58.12; Am 9.14 gen pou yo rebati sou anplasman vye lavil yo.

Y'a repare kay moun yo te bandonnen depi lontan.

Y'a rebati lavil ki te fin kraze yo,

kay ki te fin tounen mazi depi lontan yo.

5Se Eza 14.2; 60.10 moun lòt nasyon ki va pran swen mouton nou yo.

Se moun vini ki va travay jaden nou yo, ki va okipe jaden rezen nou yo.

6Men Egz 19.6; Eza 60.5,11,16; 1 Pyè 2.9; Rev 1.6 nou menm, y'a rele nou prèt Senyè a.

Wi, y'a rele nou Sèvitè Bondye nou an!

N'a jwi richès lòt nasyon yo.

Tout bèl bagay lakay yo, se pou nou y'a ye.

7Kote Zak 9.12 yo te konn fè nou wont, se sou tèt y'a pote nou.

Kote yo te konn pase nou nan rizib, y'a fè gwo fèt pou nou.

N'a rete nan peyi nou, richès nou va double.

N'a toujou gen kè kontan san rete.

8Senyè a Eza 55.3 di:

— Mwen menm, Senyè a, mwen renmen sa ki dwat,

mwen pa vle wè lè moun ap vòlò, lè moun ap fè lenjistis.

M'a kenbe pawòl mwen, m'a bay pèp mwen an rekonpans yo,

m'a pase ak yo yon kontra k'ap la pou tout tan.

9Nan tout peyi, y'a nonmen non yo.

Pitit pitit yo va gen bon non nan mitan lòt pèp yo.

Tout moun ki va wè yo va konnen

se yon ras moun mwenmenm menm, Senyè a, mwen beni.

10Se Eza 59.17; Aba 3.18; Zak 3.4; Lik 1.46; Rev 19.8; 21.2 pa ti kontan kè m kontan pou sa Senyè a fè.

M'ap fè fèt pou Bondye mwen an.

Paske mwen tankou yon nèg k'ap marye ki fin abiye pou nòs la,

tankou yon lamarye k'ap ranje bijou l yo sou li.

Li kouvri m ak pouvwa li pou l sove m.

Li vlope m nan bra li pou l delivre m.

11Menm jan grenn anba tè jèmen leve,

menm jan rasin boujonnen pouse,

konsa tou Senyè a ap fè lajistis parèt pou pèp li a.

Toupatou, tout nasyon va fè lwanj li.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help