Jeremi 29 - 1998 Haitian Creole

Lèt Jeremi voye bay depòte yo

1Pwofèt Jeremi rete lavil Jerizalèm li voye yon

9Se pou yo ka twonpe nou pi byen kifè yo pran non m mete devan. Se pa mwen ki voye yo. Se mwen menm Senyè a ki di sa.

10Senyè a Enben, Jer 22.2 men sa Senyè a di sou wa ki chita sou fòtèy wa David la, sou pèp lavil Jerizalèm la, ki vle di rès fanmi yo pat depòte ansanm ak nou yo.

17Wi. Jer 24.8,10 Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di: Mwen pral voye lagè, grangou ak move maladi sou yo. M'ap fè yo tounen tankou vye fig pouri moun pa ka manje.

18M'ap Jer 24.9; 42.18 rete la dèyè yo ak lagè, grangou, move maladi. Tout nasyon sou latè pral sezi lè y'a wè sa ki rive yo. Nan tout peyi kote mwen pral gaye yo, moun pral fè sezisman, y'ap mete men nan tèt lè y'a wè yo. Y'a pran non yo pou sèvi jouman, pou bay moun madichon.

19Tou Jer 25.4 sa va rive yo paske yo pat vle koute sa m t'ap di yo. Se Senyè a menm ki di sa. Malgre mwen pat sispann voye pwofèt yo, sèvitè m yo, ba yo, yo pa janm vle koute.

20Men, nou menm Senyè a te pran lavil Jerizalèm pou l depòte lavil Babilòn, manyè koute sa Senyè a ap di nou!

21Men Jer 14.14 mesay Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay sou Akab, pitit Kolaja, ansanm ak Sedesyas, pitit Maseja, ki t'ap pran non Senyè a pou bay manti. Mwen pral lage yo nan men Nebikadneza, wa Babilòn lan, ki pral fè touye yo la devan nou tout.

22Apre Eza 65.15; Jer 24.9; Da 3.6 sa, lè moun peyi Jida yo te depòte lavil Babilòn yo va bezwen bay moun madichon y'a sèvi ak non mesye sa yo. Y'a di: Se pou Senyè a fè ou sa l te fè Sedesyas ansanm ak Akab wa Babilòn lan te fè boule tou vivan.

23Se Jer 23.14; Mal 3.5 sa k'ap rive yo, paske yo te yon gwo wont pou pèp Izrayèl la. Yo fè adiltè ak madanm jwif parèy yo, lèfini y'ap pran non mwen pou bay manti, pou bay mesay mwen pat mete nan bouch yo. Mwen konnen sa yo fè, mwen te wè yo ak je m. Se Senyè a menm ki di sa.

Lèt Chemaja a

24Senyè a te bay pwofèt Jeremi yon mesay pou Chemaja, moun Nekelam,

25paske 2 Wa 25.18; Jer 21.1; 35.4 Chemaja te pran reskonsabilite voye yon lèt bay yon prèt yo te rele Sefanya, pitit Maseja, pou tout lòt prèt yo ansanm ak tout moun lavil Jerizalèm yo. Chemaja te voye di yo:

26— Senyè a 2 Wa 9.11; 11.14,15; Jer 20.1,2 te fè ou prèt nan plas Jeojada pou veye sa k'ap pase nan Tanp lan. Se devwa ou pou ou pran tout moun fou k'ap pran pòz pwofèt yo pou mete yo nan chenn ak yon kolye fè nan kou yo.

27Poukisa Jer 32.7 ou pa fè anyen ak Jeremi, nonm Anatòt la, k'ap pran pòz pwofèt li nan mitan pèp la?

28Men kounyeya li ekri nou isit lavil Babilòn, li voye di nou n'ap rete lontan nan sitirasyon sa a. Nou mèt bati kay pou nou rete, nou mèt plante jaden pou nou ka manje.

29Sefanya, prèt la, te li lèt la bay pwofèt Jeremi.

30Lè sa a, Senyè a bay Jeremi lòd sa a:

31— Voye Jer 5.31 mesay sa a bay tout moun yo depòte lavil Babilòn yo. Men sa Senyè a di sou Chemaja, moun Nekelam. Chemaja pran pòz pwofèt li, men se pa mwen ki voye l. Li fè nou bwè yon bann manti.

32Se Jer 17.6; 28.16 poutèt sa, mwen menm Senyè a, mwen pral pini Chemaya ansanm ak tout kòt fanmi li. Mwen p'ap kite yon moun nan fanmi li vivan nan mitan nou pou wè bèl bagay mwen pral fè pou pèp mwen an, paske li te moute tèt pèp la kont Bondye, Senyè a.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help