1Pa mete konfyans ou nan richès ou yo
pou di: Mwen gen tou sa m bezwen!
2Pa kite fòs ou ak lanvi nan kè ou pote ou ale.
Pa mete nan tèt ou se pou ou genyen tou sa ou vle genyen.
3Pa janm di pèsonn pa ka ban m lòd,
paske Granmèt la p'ap manke pini ou pou sa.
4Pa di: Mwen mèt fè peche. Anyen p'ap rive m!
Granmèt la gen pasyans, l'ap pran tan l anvan l pini ou.
5Pa twò sèten tout jan Bondye ap padonnen ou
kifè ou mèt fè peche sou peche.
6Pa mete nan tèt ou li p'ap janm sispann renmen,
l'ap toujou padonnen tout kantite peche ou fè yo.
Wi. Gen pitye pou moun, se nan men l sa rete.
Men, li konn fè kòlè tou. Se konsa li move sou moun k'ap fè peche yo.
7Pa mize tounen vin jwenn Granmèt la.
Pa ranvwaye sa chak jou pou denmen.
Paske kòlè Granmèt la ka tonbe sou ou lè ou pa atann.
Jou sa a, w'a mouri anba chatiman Bondye a.
8Pa mete konfyans ou nan richès ou ranmase nan move kondisyon.
Sa p'ap sèvi ou anyen lè jou malè a va rive.
Pale kare, konn kontwole tèt ou9Pa chache fè tout moun plezi.
Pa prese tonbe dakò ak tou sa moun ap di.
10Kenbe fèm sa ou gen nan tèt ou.
Se pou ou gen yon sèl pawòl.
11Toujou pare pou koute sa moun ap di ou,
men pa janm prese ba yo repons.
12Reponn sèlman si ou konnen sa pou ou di.
Si ou pa konnen, fèmen bouch ou.
13Pawòl nan bouch ou ka fè yo fè lwanj ou. Konsa tou, yo ka fè ou wont.
Sa ou di a ka fini avè ou tou.
14Pa fè y'ap nonmen non ou pou jan ou tripòt.
Pa pale moun mal pou fè moun soufri ak lang ou.
Menm jan lè yon moun vòlò li gen pou li wont,
konsa tou lè yon moun ap mache bay manti yo gen pou yo pini l.
15Pa fè anyen ki mal, ni piti, ni gwo, ki pou detwi frè ou.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.