Sòm 46 - 1998 Haitian Creole

SÒM 46 (45)Se Bondye ki tout nou(1) Pou Det 4.7; Sòm 14.6 chèf sanba yo. Se yon chante pitit Kore yo pou yo chante tou dousman.

1(2) Se Sòm 18.7 Bondye ki tout pwoteksyon nou,

se li menm ki tout fòs nou.

Li toujou pare pou ban nou sekou

lè nou anba tray.

2(3) Se Sòm 93.3,4; Jer 5.22 poutèt sa, nou te mèt wè tè a ap tranble,

nou te mèt wè mòn yo ap chavire tonbe nan mitan lanmè,

nou pa bezwen pè anyen.

3(4) Nou Sòm 36.8; 43.3; 48.1; Eza 33.21; 60.14; Rev 22.1,2 te mèt wè lanm lanmè yo move, y'ap kimen,

jouk mòn yo rive tranble lè lanmè a ap frape sou rivay la,

nou pa bezwen pè.

4(5) Gen Det 23.14; Eza 12.6; Eze 43.7; Zak 8.3 yon gwo dlo larivyè k'ap koule pou fè kè moun kontan nan lavil Bondye a,

sèl kote ki apa nèt pou Bondye ki anwo nan syèl la.

5(6) Bondye Sòm 2.1; 18.13; Jowèl 3.16; Am 9.5 nan mitan lavil la, lavil la p'ap janm brannen.

Depi granmaten, Bondye ap pote l sekou.

6(7) Moun Sòm 48.3 lòt peyi yo ap bat kò yo,

chèf gouvènman yo pran lèzam.

Bondye fè tande vwa li, latè pran tranble.

7(8) Senyè Sòm 66.5 ki gen tout pouvwa a la avèk nou.

Se bò kote Bondye Jakòb la nou jwenn kote pou n kache.

8(9) Vini 1 Sam 2.4; Sòm 76.3; Eza 2.4; Mi 4.3 wè travay Senyè a!

Gade ravaj l'ap fè sou latè!

9(10) Se Egz 14.13; Eza 2.11,17 li menm ki fè yo sispann fè lagè toupatou sou latè.

Li kase banza yo,

li kase frenn yo de bout,

li boule tout cha yo nèt.

10(11) Li Sòm 46.7 di: — Rete la! Sispann goumen! Konnen se mwen menm ki Bondye.

Se mwen k'ap donminen sou tout nasyon yo.

Se mwen k'ap donminen sou tout latè.

11(12) Senyè ki gen tout pouvwa a la avèk nou.

Se bò kote Bondye Jakòb la nou jwenn kote pou n kache!

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help