Jozye 2 - 1998 Haitian Creole

Vizit de espyon Jeriko

1Lè sa a, Jozye, pitit gason Noun lan, rete devan nou lè nou t'ap sòti kite peyi Lejip la. Nou tande sa nou te fè Siyon ak Og, de wa peyi Amori yo, ki rete lòt bò larivyè Jouden an, jan nou te touye yo pou Senyè a.

11Lè Egz 15.14,15; Det 4.39; Joz 5.1 nou tande sa, kè nou fann. Tout moun pèdi kouray lè yo wè nou, paske Senyè a, Bondye nou an, se li menm vre ki Bondye anwo nan syèl la ak sou latè a.

12Kounyeya, m'ap Joz 2.18 mande nou sèmante devan Senyè a pou nou pwomèt n'ap aji byen ak fanmi mwen, menm jan mwen te aji byen ak nou tou. Men sa m'ap mande nou fè pou mwen.

13Tanpri, sove lavi manman m ak papa m, sove lavi frè m yo ak sè m yo ansanm ak tout fanmi m yo. Pa kite yo touye nou.

14Mesye Jij 1.24,25 yo reponn li.

— Nou pwomèt ou n'a pito mouri nou menm pase pou n kite yo touye ou. Si ou pa di pèsonn sa nou vin fè isit la, lè Senyè a va ban nou peyi a, n'a aji byen avè ou, n'a kenbe pawòl nou.

15Rarab 1 Sam 19.12; Tra 9.25; 2 Kor 11.33 te rete nan yon kay ki te bati nan miray ranpa lavil la. Se konsa, li file yon kòd desann nan fennèt lakay li a, li fè mesye yo desann sou deyò.

16Li di yo:

— Ale nan mòn yo pou nou pa kontre ak moun yo voye dèyè nou yo. N'a rete kache la pandan twa jou. Sa va ba yo tan pou yo tounen. Apre sa, nou mèt al fè wout nou.

17Mesye yo di l:

— N'ap kenbe pwomès ou te fè nou fè ou la.

18Tande Joz 6.23 byen. Lè n'a anvayi peyi a, w'a mare kòdon wouj sa a nan fennèt kote ou fè nou desann lan. W'a pran manman ou ak papa ou, frè ou yo ak tout lòt moun ki nan fanmi ou lan, w'a fè yo reyini lakay ou.

19Lè Mat 27.25 sa a, nenpòt kiles ladan yo ki va sòti lakay ou, sa ki rive l se pa l. Se p'ap fòt nou. Men, si anyen rive yon moun andedan lakay ou, se va fòt pa nou.

20Konsa Joz 2.14 tou, si ou di yon moun sa nou te vin fè a, nou p'ap gen okenn obligasyon kenbe pwomès nou te fè ou la ankò.

21Fanm lan di yo:

— Mwen dakò ak sa nou di a!

Epi li voye yo ale, yo pati. Apre sa, li pran ti kòdon wouj la, li mare l nan fennèt la.

22De mesye yo menm ale, yo rive nan mòn yo. Yo rete kache la pandan twa jou. Moun yo te voye dèyè yo menm t'ap chache yo sou tout wout la, men yo pa jwenn yo. Bout pou bout, yo tounen lavil Jeriko.

23Lè sa a, de mesye yo tounen, yo desann sòti nan mòn yo, yo janbe larivyè Jouden an, y'al jwenn Jozye, pitit Noun lan, yo rakonte l tou sa ki te rive yo.

24Yo Egz 23.31; Joz 2.9; 21.44 di l konsa:

— Senyè a lage tout peyi a nan men nou. Tout moun nan peyi a ap tranble tèlman yo pè nou.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help