Egzòd 2 - 1998 Haitian Creole

Ti Moyiz fèk chape anba lanmò

1Yon nonm nan branch fanmi Levi a te marye ak yon fi nan menm branch Moyiz kache nan peyi Madyan

11Lè Tra 7.23; Eb 11.24 sa a, Moyiz te gentan majè. Yon jou, li soti pou l'al vizite moun pèp Izrayèl parèy li yo. Li wè jan yo t'ap fè yo travay di. Li wè yon moun ejipsyen ki t'ap bimen yon ebre anba kou, yonn nan moun parèy li yo.

12Li Tra 7.24 voye je l adwat, li voye je l agòch, li pa wè pèsonn. Li touye moun pèyi Lejip la, li fouye yon twou nan sab la, li kache kadav la.

13Nan Lik 12.14; Tra 7.26-28 denmen, li sòti ankò, li wè de ebre ki t'ap goumen. Li di sa ki te antò a:

— Poukisa w'ap maltrete moun menm ras ak ou konsa?

14Men, nonm lan reponn li:

— Kilès ki mete ou chèf pou kòmande nou? Gen lè ou vle touye m menm jan ou te touye moun peyi Lejip la?

Moyiz vin pè, li di nan kè l:

— Aa! Gen moun ki konnen sa m te fè a!

15Farawon Jen 24.11; Tra 7.29 an pran nouvèl sa k te pase. Li t'ap chache Moyiz pou touye l. Men Moyiz chape kò l anba men l, l'al rete nan peyi Madyan. Rive la, li chita bò yon pi.

16Prèt Jen 29.2; Egz 3.1; 1 Sam 9.11 peyi Madyan an te gen sèt pitit fi. Yo te vin tire dlo plen veso yo pou bay mouton papa yo bwè.

17Men, Jen 29.10 kèk lòt gadò mouton vin rive, yo kouri dèyè medam yo. Moyiz leve, li pran defans yo, epi li bay mouton medam yo bwè.

18Lè Nonb 10.29 medam yo tounen lakay Reouyèl, papa yo, li mande yo:

— Ki jan nou fè tounen vit konsa jòdi a?

19Yo reponn li:

— Se yon moun peyi Lejip ki te delivre nou anba men gadò mouton yo. Apre sa, se li menm ankò ki tire dlo pou nou bay bèt yo bwè.

20Reyouwèl Jen 31.54 mande pitit fi li yo:

— Kote msye? Poukisa nou kite li laba a? Al rele li vin pran kichòy ak nou.

21Moyiz te dakò pou li te rete lakay nonm sa a. Reyouwèl bay Moyiz Sefora, yonn nan fi li yo, pou madanm.

22Sefora Egz 18.3; Tra 7.29 fè yon tigason. Lè sa a, Moyiz di:

— Se moun vini mwen ye nan peyi sa a.

Se rezon sa a ki fè li rele pitit la Gèchon, ki vle di: Moun vini.

23Lontan Egz 3.9; 7.7; Det 26.7 apre sa, wa Lejip la mouri. Pèp Izrayèl la t'ap plenn pi rèd anba esklavaj. Yo t'ap rele gras mizèrikòd. Bondye te tande jan yo t'ap rele, jan yo t'ap plenn anba esklavaj la.

24Bondye Jen 28.13; Egz 6.5; Sòm 105.42 tande rèl yo, li vin chonje kontra li te pase ak Abraram ak Izarak epi ak Jakòb.

25Bondye Egz 3.7; 4.31; Lik 1.25 te wè nan ki sitirasyon moun pèp Izrayèl yo ye, li pran kòz yo nan men l.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help