Travay 14 - 1998 Haitian Creole

Pòl ak Banabas nan lavil Ikonyòm

1Nan Ikonyòm, Pòl ak Banabas antre nan sinagòg jwif yo tou. Yo pale sitèlman byen, anpil jwif ak anpil moun lòt nasyon te kwè.

2Men Tra 13.45 jwif ki pat kwè yo moute tèt moun lòt nasyon yo, yo fè yo vire sou do Pòl ak Banabas.

3Pòl Tra 19.11; Mak 16.20; Eb 2.4 ak Banabas rete nan lavil la lontan ankò, yo t'ap fè konnen favè Bondye a avèk anpil konviksyon, paske yo te gen konfyans nan Senyè a. Senyè a menm te bay disip yo pouvwa fè anpil bèl bagay ak anpil mirak pou l te moutre sa yo t'ap di a te vre.

4Nan lavil la moun te fè de kan: yon bò te gen patizan jwif yo, lòt bò a te gen patizan apòt yo.

5Jwif Tra 14.19; 2 Tim 3.11 yo, moun lòt nasyon yo ansanm ak chèf yo t'ap pare pou maltrete Pòl ak Banabas, pou touye yo ak kout wòch.

6Lè Mat 10.23 Pòl ak Banabas wè sa, yo kouri met deyò, y'al nan peyi Likaoni, yo rete lavil List ak lavil Dèb ak nan vwazinay yo.

7Yo Tra 11.19,20 t'ap anonse bòn nouvèl la, la tou.

Pòl ak Banabas nan lavil Lis

8Nan Tra 3.2; 9.33; Jan 9.1 Lis te gen yon nonm enfim ki te toujou rete chita, paske de pye l yo te paralize. Li te fèt tou konsa, li pat janm mache menm.

9Li Tra 3.4; Mat 9.28 t'ap koute sa Pòl t'ap di. Pòl fikse je l sou li, li wè nonm lan te gen kont konfyans nan Bondye pou l te geri.

10Pòl pale byen fò, li di:

— Leve, kanpe dwat sou de pye ou yo!

Nonm lan vole kanpe, epi li pran mache.

11Lè Tra 28.6 foul moun yo wè sa Pòl te fè a, yo pran rele an likaonyen, lang peyi a:

— Men bondye yo pran fòm moun, yo desann vin jwenn nou.

12Yo rele Banabas Zeyis, yo rele Pòl Emès paske se li menm ki t'ap pale.

13Prèt ki sèvi nan tanp Zeyis ki te bò pòtay lavil la mennen kèk towo bèf ak kolye flè devan pòtay la. Ansanm ak pèp la, yo t'ap pare pou yo te fè ofrann bèt pou yo touye bay Pòl ak Banabas.

14Lè apot yo tande sa, yo chire rad sou yo tèlman yo fache. Yo kouri nan mitan foul la, yo pale byen fò ak yo, yo t'ap di:

15— Mezanmi, Egz 20.11; Sòm 146.6; Eza 37.16; Jer 32.17; Jak 5.17 sa n'ap fè konsa? Nou se moun tankou nou tou: nou vin isit la anonse nou yon bòn nouvèl: Se pou nou kite tout zidòl sa yo ki pa vo anyen pou n vire bò kote Bondye ki vivan an. Se li menm ki fè syèl la, tè a, lanmè a ansanm ak tout sa ki ladan yo.

16Nan Tra 17.30 tan lontan, li te kite tout nasyon swiv chemen pa yo.

17Men, Sòm 147.8; Jer 5.24 li te toujou ap fè yo konnen ki moun li ye, li te fè anpil byen pou yo: li ban nou lapli ki sòti nan syèl la ak sezon rekòt. Li ban nou manje an kantite, epi li fè kè nou kontan anpil.

18Menm avèk tout pawòl sa yo, se pa te ti traka anvan apot yo te resi rive anpeche moun yo touye bèt fè sakrifis pou yo.

19Kèk 2 Kor 11.25; 2 Tim 3.11 jwif sòti Antyòch (ki nan peyi Pisidi) ak Ikonyòm. Yo pran tèt foul la, yo kalonnen Pòl kout wòch pou yo touye li. Apre sa, yo trennen l mete andeyò lavil la, yo te kwè l te mouri.

20Men, lè disip yo vin sanble bò kote l, li leve kanpe, epi l tounen antre nan lavil la. Nan denmen, li pati avèk Banabas, y'al lavil Dèb.

Pòl ak Banabas tounen Antyòch nan Siri

21Pòl Mat 28.19 ak Banabas anonse bòn nouvèl la nan lavil Dèb. Yo te fè anpil disip la. Apre sa, yo tounen, yo pase List, Ikonyòm, Antyòch (ki nan peyi Pisidi).

22Yo Tra 11.23; 1 Tes 3.3; Mat 7.14 t'ap bay disip yo fòs, yo t'ap ankouraje yo pou yo rete fèm nan konfyans yo. Yo t'ap di yo:

— Nou gen pou nou soufri anpil anvan pou n antre nan peyi kote Bondye wa a.

23Nan Tra 13.3 chak legliz, yo chwazi kèk chèf fanmi. Yo fè jèn, yo lapriyè. Apre sa, yo renmèt yo nan men Bondye, Senyè ki te gen tout konfyans yo a.

24Yo travèse peyi Pisidi, yo rive nan Panfili.

25Yo anonse pawòl Bondye a lavil Pèj. Apre sa, yo desann Atali.

26Antan Tra 13.1,2 yo la, yo pran batiman pou Antyòch. Se la nan menm Antyòch sa a yo te renmèt yo nan men Bondye ki te ba yo favè l pou yo te al fè tout travay yo sot fè a.

27Lè 1 Kor 16.9; Tra 11.18 yo rive Antyòch, yo reyini legliz la, yo rakonte tou sa Bondye te ba yo pouvwa fè pou li, ki jan li te louvri pòt pou moun ki pa jwif yo kapab kwè tou.

28Apre sa, yo rete lontan avèk disip Antyòch yo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help