1VwalaEsd 4.6 se te sou reny wa Atagzèsès. Li t ap gouvènen sanvennsèt (127) pwovens depi peyi Lend rive peyi Letyopi.
2Lè sa a, wa Atagzèsès te rete lavil Souz, kapital la.
3Te gen twazan depi li te wa, lè yon jou li bay yon fèt babako pou tout zanmi l yo, pou delege tout lòt nasyon yo, pou gwo notab lasosyete peyi Pès ak peyi Medi yo ak pou tout gwo prefè yo.
4Pandan sis mwa, li t'ap fè yo wè jan peyi a te rich ak kantite bèl bagay li te genyen pou l pran plezi li.
5Apre tout jou banbilay sa yo, wa a fè yon lòt gwo fèt babako pou moun lòt nasyon ki te nan lavil la. Pandan sis jou, li resevwa yo nan lakou jaden palè a.
6Lakou a te dekore ak bèl rido fèt ak twal fen blan ak mouslin. Rido yo te mare ak bèl ti kòdon fèt ak twal fen blan ansanm ak twal koulè vyolèt sou tèt gwo zegui fèt an lò ak an ajan moute sou gwo poto won fèt an mab ak bèl pyè koulè blan. Yo te ranje bèl ti kabann fèt an lò ak an ajan nan tout lakou a ki te pave ak bèl pyè ble, gwo pèl klere ak mab. Kabann yo te kouvri ak bèl kouvèti ki te gen bodri tout koulè ak bèl flè wòz sou tout rebò yo.
7Yo te sèvi ak gwo gode lò ak gwo gode ajan. Yo te espoze yonn ladan yo ki te dekore ak bijou ki te vo depase mil tòn ajan. Te gen bon diven an kantite, diven ki sòti nan depo wa a menm.
8Pèsonn pa t'ap kontwole bouch pèsonn. Se konsa wa a te vle l. Li te bay kanbizye l yo lòd pou ni li ni lòt moun yo te jwenn mezi yo vle.
9Larenn Astin bò pa l t'ap resevwa medanm yo anndan palè wa a menm, kote wa Atagzèsès te ye a.
Wa a kite ak larenn Astin10Sou sètyèm jou fèt la, kè wa Atagzèsès te kontan anpil. Li fè rele Aman, Bazan, Tara, Borazè, Zatòlta, Abataza ak Taraba, sèt nèg konfyans li te genyen ap sèvi l yo.
11Li mande yo pou y'al chache larenn Astin mennen l devan l pou l te ka mete l chita sou bèl fòtèy li a, epi mete kouwòn lan sou tèt li. Li te vle pou tout chèf yo ak tout delege lòt nasyon yo wè jan larenn lan te bèl, paske Astin te yon bèl fanm vre.
12Men, larenn Astin derefize vini ak nèg konfyans yo. Lè sa a, wa a estonmake, li fè yon sèl kòlè,
13li di zanmi l yo konsa:
— An! Se konsa Astin penmèt li reponn mwen? Enben, dapre lalwa kisa pou m fè nan ka sa a?
14Twa ladan zanmi wa yo, Akesayòs, Sasatayòs ak Meleseya, moun peyi Pès ak peyi Medi ki te bon bon zanmi wa a, epi ki te gwo chèf apre wa a, pwoche bò kote l.
15Yo di l sa pou li fè larenn Astin dapre lalwa, dèske li te derefize obeyi lòd wa a te voye nèg konfyans li yo al ba li a.
16Moukayòs pran lapawòl lè sa a devan wa a ak devan tout lòt chèf yo, li di konsa:
— Se pa sèlman wa a larenn Astin manke dega la a. Se tout chèf ak tout gouvènè wa yo li manke dega tou.
17Li te di sa paske wa a te rapòte yo pawòl larenn lan te di ak jan larenn lan te reponn li. Epi Moukayòs di ankò:
— Menm jan larenn lan penmèt li pou l reponn ak wa Atagzèsès la,
18se konsa, lè madanm chèf peyi Pès ak chèf peyi Medi yo va konnen jan larenn lan te reponn wa a, yo menm tou y'a gen lodas pou yo fè menm repons derespektan sa a bay mari yo.
19Si wa a dakò, se pou l bay yon lòd sou sa ak otorite wa li. La fè ekri lòd la nan liv lalwa peyi Pès ak nan liv lalwa peyi Medi. Pa gen lòt jan pou fè sa. Nan lòd la, wa a va di pou larenn Astin pa pou janm parèt devan l ankò. Wa a va pran yon lòt madanm ki pi bon pase Astin, la mete l nan plas larenn lan.
20Lèfini, se pou yo pibliye lòd wa a pase a nan tout peyi ki anba otorite l yo pou tout moun ka konnen. Konsa, mesye yo te mèt grannèg, yo te mèt tinèg, madanm yo va gen respè pou yo.
21Wa a ansanm ak chèf yo te renmen lide Moukayòs te bay la. Se konsa, wa a fè sa Moukayòs te di fè a.
22Li voye mesay nan tout peyi ki te anba baton kòmandman l yo. Mesay la te ekri nan lang chak peyi. Li voye di se pou medanm yo respekte mari yo lakay yo.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.