Sòm 108 - 1998 Haitian Creole

SÒM 108 (107)Lapriyè pou mande delivrans(Sòm 57.7-11; Sòm 60.5-12)(1) Se Sòm 57.7-11 yon Sòm 112.7 chante David.

1(2) Mwen 1 Kwo 15.16 pare, Bondye.

Mwen pral chante,

mwen pral fè lwanj ou ak tout kè mwen.

2(3) M'ap pran gita mwen,

m'ap pran bandjo mwen,

mwen pral fè solèy leve!

3(4) Senyè, Sòm 36.5; 113.4 m'a fè lwanj ou nan mitan pèp yo!

M'a chante pou ou nan mitan tout nasyon yo!

4(5) Ou Sòm 57.5 renmen nou anpil anpil,

ou toujou kenbe pawòl ou.

5(6) Bondye, Sòm 60.5-12 fè wè nan syèl la jan ou gen pouvwa!

Fè yo wè pouvwa ou sou tout latè!

6(7) Delivre Jen 33.17; Sòm 89.35 nou ak pouvwa ou!

Reponn nou lè nou lapriyè nan pye ou,

pou moun ou renmen anpil yo ka jwenn delivrans.

7(8) Bondye Jen 49.10; Nonb 32.1; Det 33.17 rete kote ki apa pou li a, li di:

— Mwen kontan anpil.

Mwen pral separe lavil Sichèm.

Mwen pral fè apantaj Fon Soukòt.

8(9) Peyi 2 Sam 8.1,2,14 Galarad, se pou mwen li ye. Peyi Manase tou.

M'ap fè peyi Efrayim tounen yon kas pou pwoteje tèt mwen.

Peyi Jida, se baton kòmandman m li ye.

9(10) Men, m'ap fè peyi Mowab sèvi m kivèt pou m fè twalèt mwen.

M'ap poze men m sou peyi Edon.

Peyi Filisti a menm, m'ap mache pran l ak kè kontan.

10(11) Ki Sòm 44.9 moun ki pou mennen m nan lavil ki byen gade a?

Ki moun ki pou mennen m lavil Edon?

11(12) Eske Sòm 146.3 se pa ou menm, Bondye, ki pou fè sa pou mwen,

ou menm ki te vire do ban nou,

ou menm ki pa sòti ansanm ak lame nou yo ankò?

12(13) Tanpri, Sòm 44.5; 118.15,16; Eza 63.3 ede nou goumen kont lènmi nou yo,

paske sekou lèzòm se pawòl nan bouch.

13(14) Avèk Bondye bò kote nou, n'a fè bèl bagay n'a lagè.

Se li menm k'ap kraze lènmi nou yo anba pye l.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help