1 Gade! Jou a ap vini: Pral fè cho anpil tankou nan yon fou. Tout Eza 47.14; Mal 3.2; Mat 3.12; 2 Tes 1.7,8 awogan yo ansanm ak tout mechan yo pral boule tankou pay chèch. Se Senyè a menm ki di sa. Wi, jou sa a, y'ap boule nèt san kite tras.
2Men, Sòm 84.11; Eza 53.5; Lik 1.78; Jan 8.12; 12.46 pou moun k'ap sèvi m yo, pouvwa mwen ki la pou delivre yo a ap leve tankou yon bèl solèy byen klere. Yo pral sote ponpe tankou jenn ti towo gra ki lage nan savann.
3Nou pral pilonnen mechan yo, yo pral tankou sann dife anba pye nou, jou m'a deside pou m aji a. Se Senyè ki gen tout pouvwa a ki di sa.
4Pa Egz 20.3-17; Det 4.9,10 bliye sa Moyiz, sèvitè m lan, te moutre nou, tout lòd ak tout regleman mwen te ba li sou mòn Orèb la pou tout pèp Izrayèl la.
5Jou m Jowèl 2.31; Mal 3.1; Mat 11.14 lan pral yon gwo jou, yon jou ki pral fè moun tranble. Men, anvan li rive, mwen gen pou m voye pwofèt Eli.
6Li Eza 11.4; Lik 1.17 gen pou li fè papa ak pitit rebyen ankò. Si se pa sa, m'ap vini, m'ap detwi peyi nou an nèt ale.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.