Sòm 1 - 1998 Haitian Creole

PREMYE LIV LA(Sòm 1—41)SÒM 1Bon jan lavi a

1Ala Pwo 4.14; 21.24 bon sa bon pou moun

ki pa koute konsèy mechan yo,

ki pa swiv egzanp moun k'ap fè sa ki mal,

ki pa chita ansanm ak moun k'ap pase Bondye nan betiz,

2men Joz 1.8; Sòm 119.47,97; Wòm 7.22 ki pran tout plezi l nan lalwa Senyè a,

k'ap repase l nan tèt li lajounen kou lannwit.

3Li Jen 39.3,23; Eze 47.12 tankou yon pyebwa yo plante bò kannal dlo:

Li donnen lè sezon l rive.

Fèy li p'ap janm fennen.

Tou sa l fè sòti byen.

4Men, Jòb 21.18 e p'ap menm bagay pou mechan yo.

Yo tankou pay van ap gaye.

5Se Sòm 5.5 poutèt sa, jou jijman an, mechan yo p'ap ka leve tèt yo devan Bondye,

moun ki fè mal yo p'ap chita ansanm ak moun ki fè byen yo.

6Paske, Na 1.7; Jan 10.14 Senyè a konnen jan moun ki fè byen yo ap viv.

Men, jan mechan yo ap viv la, yo gen pou yo fini mal.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help