1Lwanj
8Men,
23Se Egz 32.10,11; Det 9.14,18; Eze 20.13 konsa Bondye di l'ap detwi pèp li a.
Men, Moyiz, moun li te chwazi a, kanpe devan li.
Li mande l pou l pa fè kòlè jouk pou li ta detwi yo.
24Yo Nonb 14.31; Det 9.23; Eb 3.18,19 pat vle tande pale sou peyi kote pou yo jwenn tout bon bagay la
paske yo pat kwè pawòl Bondye.
25Yo Nonb 14.2 rete anba tant yo, y'ap bougonnen.
Yo pat vle koute Senyè a.
26Lè Nonb 14.30; Eze 20.23 sa a, Senyè a leve men l, li sèmante
l'ap fè yo peri nan dezè a.
27L'ap gaye tout pitit pitit yo nan mitan lòt nasyon yo,
l'ap kite yo mouri toupatou nan peyi etranje.
28Men, Nonb 25.2,3; Oze 9.10; Rev 2.14 pèp Bondye a mete tèt yo ansanm pou yal adore Baal lavil Peyò.
Yo manje bèt yo te touye ofri bay mò yo.
29Sa Nonb 25.7,8 te moute kòlè Senyè a anpil sou yo
lè li wè sa yo t'ap fè.
Se poutèt sa maladi tonbe sou yo.
30Men, Fineas leve, li mete lòd, li pini koupab yo,
epi pèp la geri.
31Bagay Nonb 25.10-13 sa ki rive a te fè yo bay Fineas rezon
depi lè sa a pou tout tan.
32Pèp Nonb 20.2-13 la te fè Senyè a fache anpil bò sous dlo Meriba a.
Sa te fè Moyiz lapenn pou yo.
33Sa te fè Moyiz sitèlman fache,
li te rive fè bagay li pat gendwa fè.
34Yo Det 7.2; Jij 1.21,27-36 pat detwi moun lòt nasyon yo
jan Senyè a te mande yo fè a.
35Men, Jij 3.5,6; Esd 9.2; Eza 2.6 okontrè, yo te marye ak yo,
yo pran tout vye mès yo.
36Yo Jij 2.12,13; 2 Wa 17.7-12 pran adore zidòl yo.
Sa tounen yon pèlen pou yo.
37Yo Det 32.17; 2 Wa 17.17; Eza 57.5; Eze 16.20,21; 1 Kor 10.20 ofri pwòp pitit gason ak pwòp pitit fi yo
pou touye bay zidòl yo.
38Yo Nonb 35.33 touye ti inonsan sa yo,
pwòp pitit gason ak pitit fi yo.
Yo ofri yo bay zidòl moun peyi Kanaran yo.
Se konsa yo fin derespekte tout
peyi a ak san moun yo te touye.
39Avèk Eze 20.18,30,31 sa yo t'ap fè a, yo avili tèt yo,
yo vire do bay Bondye.
40Senyè a Jij 2.14; Ney 9.27; Sòm 78.59,62 te fache anpil sou pèp li a.
Li te degoute ak pitit li yo.
41Li lage yo nan men moun lòt nasyon yo.
Moun ki te rayi yo mete pye sou kou yo.
42Lènmi Jij 4.3; 10.12 yo t'ap peze yo,
yo te soumèt yo nèt anba men yo.
43Senyè a Lev 26.39; Jij 2.16; Sòm 81.12; 107.11 te delivre pèp li a anpil fwa.
Men, yo te pito revòlte kont li,
yo te tonbe pi mal nan fè peche.
44Men, Jij 3.9; 6.6 Senyè a te wè mizè yo,
li te tande jan y'ap rele.
45Li Lev 26.42; Sòm 90.13; Lam 3.32 chonje kontra li te pase ak yo,
li gen pitye pou yo paske li renmen yo anpil.
46Li Esd 9.9; Jer 42.12 fè moun ki te kenbe yo prizonye gen pitye pou yo.
47Delivre 1 Kwo 16.35,36 nou Sòm 107.3 non, Senyè, Bondye nou.
Fè nou sòti nan tout peyi kote nou gaye yo.
Sanble nou non, pou nou ka di ou mèsi pou tout bagay ou menm ase ou ka fè,
pou nou ka kontan lè n'ap fè lwanj ou.
48Ann Sòm 41.13 fè lwanj Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la!
Ann fè lwanj li depi tout tan ak pou tout tan!
Epi tout pèp la pran reponn: Wi, se vre!
Lwanj pou Senyè a!
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.