1Bri kouri toupatou jan gen imoralite Lev 18.7,8 k'ap fèt nan mitan nou. Imoralite a tèlman lèd, ou pa jwenn sa menm nan mitan moun ki pa konn Bondye yo. Nouvèl gaye gen yonn nan nou k'ap viv ak pwòp madanm papa li.
2Apre sa, ki jan nou ka fè gen lògèy ankò? Okontrè, se bagay ki pou ta fè nou kriye anpil. Epi, nonm ki fè bagay sa a, se pou n te wete l nan mitan nou.
3Kanta Kol 2.5 mwen menm, mwen pa prezan anpèsòn, men mwen la annespri. Se pou sa, nan non Jezikri, Senyè nou an, tankou si mwen prezan, mwen deja kondane nonm ki komèt kalite vye zak sal sa a.
4Lè Mat 16.19; 18.18; 2 Kor 13.10 n'a reyini ansanm, m'a la tou avèk nou nan lespri, pa pouvwa Jezikri, Senyè nou an.
5Se 1 Tim 1.20; 1 Pyè 4.6 pou n lage nonm sa a nan men Satan pou kò l ka peri. Se konsa lespri l ka jwenn delivrans lè jou Senyè a va rive.
6Poudi Gal 5.9 bagay lèd sa a ka fè nou santi nou fyè! Nou konn pawòl la: Se yon zoranj pouri ki kontaminen tout lòt yo.
7Wete Egz 12.21; 13.7; Eza 53.7; 1 Pyè 1.19 vye zoranj gate a nan mitan nou pou nou ka tounen yon lòt kalite moun. Lè sa a, n'a tankou yon pat ki fèk bat, san vye ledven ladan li. Poudi vre, se sa menm nou ye deja, depi yo te krisifye Kris ki se verirtab fèt Pak nou an. Yo te sakrifye li pou nou.
8Se Egz 12.3-20 pa pou n fete fèt la avèk pen ki gen vye ledven an, ledven vis ak mechanste. Men, ann fete l avèk pen san ledven an, pen ki bon pou moun k'ap sèvi Bondye ak tout kè yo.
9Nan Mat 18.17; 2 Tes 3.14 lèt mwen te ekri nou an, mwen te mande pou n pa mele ak moun k'ap viv nan imoralite.
10Lè sa a, mwen pat gen nan lide mande nou pou n separe ak tout moun sou latè k'ap viv nan dezòd lachè, ki gen lanvi plen kè yo, k'ap vòlò osinon k'ap sèvi zidòl. Pou n ta egzante tout moun sa yo, se kite pou n ta kite tè a nèt.
11Mwen 2 Tes 3.6; Tit 3.10; 2 Jan 1.10 te vle di pou n pa mele ak yon nonm ki swadizan frè nou nan Kris la, men k'ap viv nan dezòd, ki gen lanvi plen kè l, k'ap sèvi zidòl, k'ap pale moun mal, ki tafyatè, osinon ki vòlò. Nou pa dwe menm chita sou menm tab pou n manje ak yon nonm konsa.
12-13Zafè Mak 4.11 moun Det 13.5; 17.7; 22.24 deyò pa gade m, mwen pa gendwa jije yo. Se Bondye ki va jije yo. Men, eske se pa devwa nou pou n jije moun ki anndan yo, moun ki ansanm avè n yo? Tankou yo di l nan Liv la: Wete mechan an nan mitan nou.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.