Jidit 3 - 1998 Haitian Creole

Peyi yo voye delege al fè lapè ak wa Nebikadneza

1Tout peyi sa yo voye delege bò kote Olofèn pou fè lapè avè l. Men mesay yo te voye bay wa a:

2— Men nou pote tèt nou ba ou, se moun k'ap sèvi Nebikadneza, gran wa a, nou ye. Fè sa ou vle ak nou.

3Men nou renmèt bitasyon nou yo, tout zòn kote nou rete a, tout jaden ble nou yo, tout kabrit, tout mouton ak tout bèf nou yo nan men ou. Fè sa ou vle ak yo.

4Tout moun nou yo, se esklav ou yo ye. Ou mèt pran tout lavil nou yo fè sa ou vle ak yo.

5Delege yo al jwenn Olofèn, yo ba li mesay yo te gen pou wa a.

6Lè sa a, Olofèn desann ak lame li a bò lanmè Mediterane, li mete yon ganizon sòlda pa l nan chak lavil ak ranpa yo. Lèfini, li chwazi kèk vanyan gason nan chak lavil sa yo pou ranfòse lame a.

7Moun lavil yo ak tout moun ki nan zòn andeyò yo resevwa Olofèn avèk gwo bouke flè. Yo t'ap bat tanbou, yo t'ap danse pou li.

8Men, Olofèn detwi tout zòn lan nèt, li koupe tout pyebwa repozwa yo, paske li te resevwa lòd pou li detwi tout bondye peyi sa yo, pou tout nasyon sa yo ka fè sèvis pou Nebikadneza ase, lèfini pou tout moun lapriyè nan pye wa a nan lang yo tankou yon bondye.

9Apre sa, Olofèn pase nan fon Esdrelon ki toupre lavil Dotan an, anfas chenn mòn peyi Jide yo.

10Li moute kan li ant lavil Geba ak lavil Eskitopolis. Li rete la pandan yon mwa ap fè pwovizyon tou sa li bezwen pou lame li a.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help