1Lè sa a, Moyiz ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo bay pèp la lòd sa yo:
— Se pou nou fè tou sa mwen mande nou fè jòdi a.
2Lè Joz 4.1 n'a janbe lòt bò larivyè Jouden an, pou nou antre nan peyi Senyè a, Bondye nou an, ap ban nou an, n'a pran kèk gwo wòch, n'a mete yo kanpe, n'a blanchi yo ak lacho.
3Apre Joz 8.32 sa, n'a ekri sou yo tout lòd ki nan lalwa sa a. Lè n'a fin antre nan peyi Senyè a, Bondye nou an, ap ban nou an, peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo jan li te pwomèt zansèt nou yo,
4lè Det 11.29; Joz 8.30 n'a fin janbe lòt bò larivyè Jouden an, n'a kanpe wòch sa yo sou tèt mòn Ebal, jan mwen di nou li jòdi a. N'a blanchi yo ak lacho.
5N'a Egz 20.25; Joz 8.31 pran wòch, n'a moute yon lotèl la tou pou Senyè a, Bondye nou an. Pa travay wòch n'a pran pou n fè lotèl la ak sizo.
6Se pou n pran wòch yo konsa, jan nou jwenn yo a, pou nou bati lotèl Senyè a, Bondye nou an. Se la n'a touye bèt nou ofri pou yo boule nèt pou Senyè a.
7Se la n'a fè ofrann bèt pou yo touye pou di Bondye mesi. Se la n'a manje ofrann nou yo, se la n'a fè fèt devan Senyè a, Bondye nou an.
8N'a ekri sou wòch yo tout lòd ki nan lalwa sa a. N'a ekri yo pou tout moun ka li yo.
9Apre sa, Moyiz ansanm ak prèt moun Levi yo pale ak tout pèp la. Li di yo konsa:
— Nou menm, moun pèp Izrayèl yo, fè yon ti silans pou mwen, tanpri. Koute byen. Depi jòdi a se pèp Senyè a, Bondye nou an, nou ye.
10Se pou nou obeyi l, se pou nou swiv tout lòd ak tout regleman mwen ban nou jòdi a.
Madichon pou moun dezobeyisan11Menm jou sa a, Moyiz bay pèp Izrayèl la lòd sa a:
12— Lè Det 11.29; Joz 8.33 n'a fin pase larivyè Jouden an, moun branch fanmi Simeyon, moun branch fanmi Levi, moun branch fanmi Jida, moun branch fanmi Isaka, moun branch fanmi Jozèf ak moun branch fanmi Benjamen yo va moute kanpe sou mòn Garizim lè y'ap beni pèp la.
13Moun branch fanmi Riben, moun branch fanmi Gad, moun branch fanmi Asè, moun branch fanmi Zabilon, moun branch fanmi Dann ak moun branch fanmi Neftali yo va moute kanpe sou mòn Ebal lè y'ap bay pèp la madichon.
14Moun Det 33.10 Levi yo va pale ak pèp la, y'a rele byen fò pou tout moun ka tande:
15— Madichon Egz 20.4; 34.17; Nonb 5.22; 1 Kwo 16.36; Jer 11.5 Bondye pou tout moun ki fè travay yon wòch ak sizo osinon fè fonn metal pou fè yon zidòl, epi lèfini ki kache l yon kote pou l fè sèvis pou li. Se yon bondye moun fè ak men yo. Senyè a pa vle wè bagay konsa!
Tout pèp la va reponn:
— Se sa menm! Nou dakò!
16— Madichon Egz 20.12; 21.17 pou moun ki derespekte manman l ak papa l!
Tout pèp la va reponn:
— Se sa menm! Nou dakò!
17— Madichon Det 19.14 pou moun ki deplase bòn tè yon moun pèp Izrayèl parèy li!
Tout pèp la va reponn:
— Se sa menm! Nou dakò!
18— Madichon Lev 19.14 Bondye pou moun ki fè yon avèg pèdi chemen l!
Tout pèp la va reponn:
— Se sa menm! Nou dakò!
19— Madichon Egz 22.21,22 Bondye pou moun k'ap fè pasdwa sou moun lòt nasyon yo, sou timoun ki san papa ak sou vèv yo!
Tout pèp la va reponn:
— Se sa menm! Nou dakò!
20— Madichon Lev 18.8; Det 22.30; 1 Kor 5.1 Bondye pou tout gason ki kouche madanm papa li. Paske se avili l'ap avili papa li!
Tout pèp la va reponn:
— Se sa menm! Nou dakò!
21— Madichon Egz 22.19 Bondye pou tout moun ki kwaze ak nenpòt ki bèt!
Tout pèp la va reponn:
— Se sa menm! Nou dakò!
22— Madichon Lev 18.9 pou tout moun ki kouche sè li, kit se sè bò manman, kit se sè bò papa!
Tout pèp la va reponn:
— Se sa menm! Nou dakò!
23— Madichon Lev 20.14 pou moun ki kouche bèlmè li, manman madanm li!
Tout pèp la va reponn:
— Se sa menm! Nou dakò!
24— Madichon Egz 21.14; Det 19.11 Bondye pou moun ki fè zak asasinay sou moun Izrayèl parèy li!
Tout pèp la va reponn:
— Se sa menm! Nou dakò!
25— Madichon Egz 23.7; Det 16.19; Sòm 15.5; Eze 22.12 Bondye pou moun ki asepte lajan pou fè zak asasinay sou inosan!
Tout pèp la va reponn:
— Se sa menm! Nou dakò!
26— Madichon Jer 11.3; Gal 3.10 Bondye pou moun ki pa kenbe pawòl ki nan lalwa a, ki pa fè sa yo di ladan l!
Tout pèp la va reponn:
— Se sa menm! Nou dakò!
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.