Sòm 29 - 1998 Haitian Creole

SÒM 29 (28)Vwa Senyè a(1a) Se

3Senyè a Jòb 37.4,5; Sòm 18.11,13 fè tande vwa li sou lanmè.

Bondye ki gen pouvwa a fè loray yo gwonde.

Senyè a ap mache sou tout lanmè a.

4Vwa Sòm 68.33 Senyè a se yon vwa ki gen pouvwa!

Se yon vwa ki mande pou moun respekte l!

5Vwa Senyè a kase pye sèd yo,

li kase pye sèd peyi Liban yo.

6Li Det 3.9; Sòm 114.4,6 fè mòn nan peyi Liban yo sote ponpe tankou ti gazèl bèf.

Li fè mòn Siryon yo sote ponpe tankou jenn ti towo bèf.

7Vwa Senyè a fè zèklè.

8Vwa Senyè a fè dezè a tranble.

Wi, li fè dezè Kadès la tranble.

9Vwa Jòb 39.1-3 Senyè a tòde pye chenn yo.

Li fè tout fèy nan rakbwa tonbe.

Nan Tanp li, tout moun ap fè lwanj pou li.

10Senyè a Jen 6.17; Sòm 10.16 te chita sou fòtèy li lè te gen gwo inondasyon an.

L'ap gouvènen tankou wa pou tout tan.

11Senyè a Sòm 68.35; Eza 40.29 va bay pèp li a fòs,

l'a beni yo, l'a ba yo kè poze.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help