Sòm 142 - 1998 Haitian Creole

SÒM 142 (141)Lapriyè pou mande sekou(1) Chante Sòm 3.4; 30.8 David te chante lè li te kache nan gwo twou wòch la. Se yon lapriyè.

1(2) M'ap Eza 26.16 louvri bouch mwen, m'ap rele Senyè a.

M'ap louvri bouch mwen, m'ap kriye nan pye Senyè a.

2(3) M'ap Sòm 77.3; 140.5 louvri kè m bay Bondye,

m'ap rakonte l mizè mwen.

3(4) Lè m Sòm 69.20 santi mwen pa kapab ankò,

ou menm, ou konnen sa pou m fè.

Sou chemen kote m'ap pase a

yo tann yon pèlen pou mwen.

4(5) Voye Sòm 14.6; 27.13; Lam 3.24 je ou toupatou, gade byen!

Tout moun pran pòz pa konnen m.

Pa gen yon moun pou pwoteje m.

Pa gen yon moun pou pran ka m.

5(6) Mwen Sòm 17.1; 18.17; 79.8 kriye nan pye ou, Senyè!

Mwen di: Se ou menm ki tout pwoteksyon mwen.

Se ou menm ki tout mwen nan lavi sa a.

6(7) Panche Sòm 13.6; Eza 42.7 zòrèy ou, koute sa m'ap di ou!

Mwen fin dekouraje.

Delivre m anba men moun k'ap pèsekite m yo,

paske yo pi fò pase m.

7(8) Wete m nan prizon sa a pou m ka di ou mèsi.

Lè sa a, m'a kanpe nan mitan moun ki mache dwat devan ou yo,

paske ou te bon pou mwen.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help