Jonas 3 - 1998 Haitian Creole

Jonas bay mesay Bondye lavil Niniv

1Bondye pale yon dezyèm fwa ankò ak Jonas,

2li di l konsa:

— Leve non! Ale lavil Niniv, gwo kapital la. Fè yo konnen mesay mwen te ba ou pou yo a.

3Se konsa, Jonas leve, l'ale lavil Niniv jan Senyè a te di li a. Niniv te yon gwo vil ki mande twa jou pou mache sot nan yon bout Al nan yon lòt bout.

4Jonas antre nan vil la. Li annik mache yon jounen ap preche konsa:

— Nan karant jou ankò, Niniv pral disprèt.

5Moun 2 Kwo 20.3; Mat 12.41 lavil Niniv te kwè nan mesaj Bondye a. Yo bay lòd pou tout moun, zannanna kou pengwen, abiye toutanblan pou moutre lapenn yo pou tout mal yo fè.

6Nouvèl Jòb 1.20; 2.8 la gaye jouk rive nan zòrèy wa Niniv lan. Li desann fòtèy li. Li retire rad wa a sou li. Li abiye toutanblan tou. Li chita atènan sann dife.

7Li Da 6.26; Jowèl 1.14; Jo 4.11 voye fè piblikasyon sa a nan tout peyi a:

— Men lòd wa a ansanm ak lòt chèf li yo bay: pesonn pa gendwa manje anyen. Ni moun, ni bèf, ni mouton. Tout ap rete san manje san bwè.

8Tout Eza 59.6; Jer 18.11 moun va abiye toutanblan. Tout bèt va gen siy lapenn nan sou yo tou. Tout moun va lapriyè Bondye ak tout kè yo. Y'a kite tout move zak ak tout mechanste yo te konn fè nan lavi yo.

9Nou 2 Sam 12.22; Jowèl 2.14 pa janm konnen, Bondye ka chanje lide. L'a regrèt sa li ta pral fè a, li p'ap fache sou nou ankò. Konsa, nou p'ap mouri.

10Bondye Jer 18.8 wè sa yo t'ap fè a. Li wè yo soti pou chanje lavi yo vre. Se konsa li chanje lide. Li pa pini yo ankò jan li te di li ta pral pini yo a.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help