Sòm 82 - 1998 Haitian Creole

SÒM 82 (81)Bondye sèl chèf(1a) Se Joz 22.16,17; Ekl 5.8 yon sòm Asaf.

1(1b) Bondye kanpe nan mitan konsèy ki nan syèl la,

li kanpe nan mitan bondye yo, l'ap jije.

2Li Det 1.17; Pwo 18.5 di: — Kilè n'a sispann fè mechanste lè n'ap jije?

Kilè n'a sispann achte figi mechan yo?

3Pran Sòm 10.18; Jer 22.3 defans pòv malere yo ak timoun ki san papa yo!

Pran defans malere yo ak moun ki san sekou yo!

4Delivre Jòb 29.12; Pwo 24.11 pòv malere ak endijan yo!

Delivre yo anba men mechan yo.

5Nou Sòm 11.3; 14.4; Pwo 2.13 sòt, nou pa konprann anyen!

N'ap mache nan fènwa.

Pa gen jistis sou latè ankò!

6Mwen Jan 10.34 te di se bondye nou ye,

nou tout se pitit Bondye ki anwo nan syèl la nou ye.

7Men, Jòb 21.32; Eze 28.2-10 nou gen pou nou mouri tankou tout moun,

wi, nou gen pou nou mouri tankou nenpòt chèf.

8Leve Sòm 2.8; 12.5; Rev 11.15 non, Bondye, vin jije latè!

Paske, se pou ou tout nasyon yo ye.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help