Sajès 3 - 1998 Haitian Creole

Sò moun k'ap mache dwat yo

1Nanm moun k'ap mache dwat yo se nan men Bondye yo ye.

Pa gen boulvès ki pou rive yo.

2Se moun ki pèdi tèt yo ki konprann se mouri yo mouri,

ki pran lanmò moun sa yo tankou yon malè ki rive yo.

3Paske yo pati lwen nou pou peyi san chapo a,

se fini yo fini nèt.

Men, moun ki mache dwat yo gen kè poze.

4Atout sa sanble se yon chatiman ki tonbe sou yo,

yo menm se tann yo t'ap tann lavi ki pa ka mouri a.

5Ti sa yo soufri lè Bondye ap korije yo a

pa anyen devan benediksyon y'ap resevwa apre sa.

Wi, se sonde Bondye t'ap sonde yo.

Men, li jwenn yo merite pou yo avè l.

6Se konsa li sonde yo tankou yo pase lò nan dife, pou wè si yo bon.

Epi li resevwa yo tankou li resevwa yon bon ofrann yo boule nèt nan dife pou li.

7Lè Bondye va vin delivre yo a, yo pral klere byen bèl.

Yo pral kouri tankou dife nan pay chèch.

8Se yo menm ki pral gouvènen tout nasyon sou latè,

ki pral chèf sou tout pèp.

Men, se Granmèt la ki va gouvènen yo pou tout tan.

9Moun ki mete konfyans yo nan Bondye va konprann verite a.

Moun ki va kenbe l fèm yo va rete bò kote l nan renmen li.

Paske li bon pou moun k'ap viv apa pou li yo,

l'ap toujou gen pitye pou yo. Sò mechan yo

10Men, moun ki p'ap sèvi Bondye yo va resevwa chatiman yo merite pou lide yo gen nan tèt yo,

paske yo te meprize moun k'ap mache dwat yo,

paske yo te vire do bay Bondye.

11Sa pral rèd nèt pou moun ki pa chache gen bon konprann yo,

pou moun ki pa renmen yo ba yo levasyon!

Yo pa gen anyen y'ap tann,

y'ap bat kò yo pou gremesi.

Travay yo p'ap rapòte yo anyen.

12Madanm yo ap pèdi tèt yo tou.

Pitit yo ap sòti mechan.

Madichon ap tonbe sou ras yo.

Bon kalite nan lavi moun

13Ala bon sa va bon pou fanm ki pa ka fè pitit men ki pa fè anyen ki mal,

pou fanm ki pa fè maryaj Bondye pa vle!

Paske lè jou pou moun rann kont devan Bondye a va rive,

Bondye va ba li rekonpans li.

14Ala bon sa bon pou gason ki chatre men ki pa janm mete men l nan fè sa ki mal,

ki pa gen move lide dèyè tèt li sou Granmèt la!

Paske li te kenbe pye Bondye fèm,

y'ap ba li yon benediksyon espesyal, yon kontantman k'ap pi dous nan tanp Granmèt la.

15Lè ou fè jefò pou ou mennen tèt ou dwat, w'ap jwenn bèl rekonpans.

Rasin bon konprann lan p'ap janm mouri.

16Pitit moun ki lage kò yo nan sèvi zidòl ap mouri bonè.

Pitit moun ki fè maryaj lalwa Bondye defann yo fè a ap disparèt.

17Menm si yo ta rive viv lontan, yo p'ap rive anyen nan lavi.

Si yo rive vye granmoun, moun p'ap respekte yo.

18Si yo mouri jenn, yo pa bezwen mete okenn espwa nan tèt yo

y'ap jwenn konsolasyon lè jou jijman an,

19paske se nan gwo lapenn ras moun ki pa mache dwat yo ap fini.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help