Nonb 30 - 1998 Haitian Creole

Regleman pou moun ki fè ve

1Moyiz pale ak chèf branch fanmi Nonb 1.4,16 pèp Izrayèl yo. Li di yo konsa:

— Men lòd Senyè a bay.

2Lè Lev 5.4; 27.2; Det 23.21; Jij 11.30,35; Sòm 66.13,14; Mat 14.7,9 yon moun fè yon ve l'ap bay Senyè a kichòy ou ankò lè yon moun pwomèt li p'ap fè yon bagay, li pa fèt pou l pa kenbe pawòl. Se pou l fè tou sa li te pwomèt l'ap fè a.

3Si yon jenn fi ki lakay papa l toujou fè yon ve l'ap bay Senyè a kichòy ou ankò li pwomèt pou l pa fè yon bagay,

4lè papa a vin konn sa, si li pa di l anyen, jenn fi a gen obligasyon pou l kenbe ve li te pran an, osinon pwomès li te fè a.

5Men, si lè papa a vin konn sa, li fè opozisyon, ni ve jenn fi a te pran yo ni pwomès li te fè yo pa kenbe ankò: yo pa vo anyen. Senyè a p'ap gade sou sa, li p'ap fè l anyen, paske se pa fòt li. Se papa l ki derefize kite l kenbe pawòl li.

6Si yon jenn fi te anba obligasyon pou l te kenbe yon ve li te pran osinon yon pwomès li te fè, menm si li te pran yo an jwèt, si li rive marye,

7epi mari a pa di l anyen lè li vin konn sa, fi a gen obligasyon pou l kenbe ve li te pran an osinon pwomès li te fè a.

8Men, si jou mari a vin konn sa li fè opozisyon, lamenm li wete fanm lan anba obligasyon li te genyen pou l te kenbe ve li te pran an osinon pwomès li te fè a. Senyè a p'ap gade sou sa, li p'ap fè l anyen.

9Men lè yon fanm vèv oswa divòse fè yon ve pou li bay Senyè a kichòy, osinon lè li pwomèt pou li pa fè yon bagay, se pou li kenbe pawòl li.

10Si yon madanm marye, antan li lakay mari l, pran yon ve pou fè kichòy osinon pwomèt pou l pa fè yon bagay,

11epi si lè mari l vin konn sa, li pa di l anyen, li pa fè okenn opozisyon, fanm lan gen obligasyon pou l kenbe ve li te pran an osinon pwomès li te fè a, nenpòt kisa yo te ye.

12Men, si mari a vin konn sa, epi menm jou li vin konn sa a, li di li pa dakò, fanm lan p'ap nan obligasyon pou l kenbe pawòl ni pou ve li te pran an, ni pou pwomès li te fè a. Se mari a ki te derefize kite l kenbe pawòl li. Konsa, Senyè a p'ap gade sou sa, li p'ap fè l anyen.

13Yon mari gendwa dakò, konsa tou li gendwa refize dakò kite madanm li kenbe pawòl li, ni pou ve madanm li te pran an, ni pou pwomès li te fè a.

14Men, si apre mari a vin konn sa li kite yon jou pase, li pa di l anyen ankò, sa vle di li dakò ak ve madanm li te pran an osinon ak pwomès madanm lan te fè a. Depi mari a pa di l anyen lè li vin konn sa, sa vle di se dakò li dakò.

15Men si, apre mari a vin konn angajman madanm lan te pran an, mari a kite kèk jou pase anvan li di li pa dakò, se li menm k'ap sibi chatiman ki pou ta tonbe sou madanm lan pou pawòl li pa kenbe a.

16Men tout regleman Senyè a te bay Moyiz pou yon fanm ki fè ve osinon ki pran yon angajman. Si li marye, men tout jan mari a ka boule avè l nan ka sa a. Si li poko marye, li lakay papa l toujou, men tout jan papa a ka pran sa.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help