1Lespri ou ki p'ap janm mouri a nan yo tout.
2Se konsa, piti piti, w'ap rale zòrèy moun ki bite yo.
Ou ba yo avètisman, ou fè yo chonje sa yo fè ki peche a,
pou yo ka kite move chemen yo t'ap swiv la,
lèfini pou yo mete tout konfyans yo nan ou, Granmèt la.
Peche moun Kanaran yo3-4Ou pa te manke rayi ansyen moun ki te rete nan peyi ou mete apa pou ou a,
poutèt vye mès malpwòp yo te genyen yo.
Yo te konn fè maji,
yo te konn fè sèvis pou zidòl.
5Yon bann sanmanman k'ap touye timoun,
yo manje vyann moun, yo bwè san moun.
Yo menm rive manje pwòp zantray yo.
Yo te wose yo manm nan sosyete mistè.
6Lakay yo, papa ak manman touye pwòp pitit yo, tilanj san defans.
Ou te sòti pou sèvi ak zansèt nou yo pou ou te ka disparèt moun sa yo,
7pou peyi sa a, peyi ou te konsidere pase tout lòt peyi yo,
te ka jwenn moun ki merite pote non pitit Bondye yo vin rete ladan l.
8Enben, ata moun sa yo, ou te al dousman ak yo, paske se moun yo ye.
Ou te voye yon bann vonvon tankou lavangad lame ou la pou yo te minen yo piti piti.
9Wi, ou ta kapab lage moun ki p'ap sèvi ou yo
nan men moun k'ap mache dwat yo nan yon lagè avèti.
Ou ta kapab tou detwi yo lapoula ak bèt devoran,
osinon ak yon sèl lòd sevè sòti nan bouch ou.
10Men, ou pran san ou pou pini yo tanzantan,
konsa ou te ba yo chans pou yo mande padon.
Men, se pa konnen ou pa te konnen yo te mechan nan nanm.
Yo te fèt ak tout mechanste sa yo,
yo pa t'ap janm chanje lide nan tèt yo,
11paske se yon ras moun madichon yo ye depi nan konmansman.
Lèfini, se pa paske ou te pè pèsonn
kifè ou pa te pini yo poutèt peche yo te fè yo.
Bondye granmoun tèt li12Kimoun ki ka penmèt yo mande ou sa w'ap fè konsa?
Kimoun ki ka di ou yo pa dakò ak sa ou deside fè a?
Kimoun ki ka rele ou nan tribinal pou fini ou fini ak pèp ou menm ou te kreye yo?
Kimoun ki ka kanpe devan ou pou pran defans moun k'ap fè mechanste yo?
13Pa gen lòt Bondye pase ou menm ki pou pran swen tout bagay.
Pa gen yon lòt bondye ou ta gen pou bay esplikasyon pou jijman ou yo ki ta ka pa bon.
14Pa gen okenn wa ni okenn gwo chèf sou latè
ki pou ta kanpe devan ou pou pran defans moun wap pini yo.
15Paske ou dwat, w'ap gouvènen tout bagay san patipri.
Epi, zafè kondannen yon moun ki pa merite pini an,
se bagay ki pa mache ansanm ak gwo pouvwa ou genyen an.
16Paske, se nan fòs kouray ou tout jistis ou sòti.
Se paske ou donminen sou tout bagay kifè ou al dousman ak tout moun.
17Ou fè wè fòs kouray ou lè moun sispèk pouvwa ou la ta ka pa bon nèt,
lèfini, moun ki konnen ou yo men ki gen lodas fè tankou ou pa la pou yo a, w'ap fè yo wont.
18Men, ou kontwole fòs kouray ou,
kifè ou jije moun ak bon kè, ou pa twò prese kondannen yo,
paske nepòt sa ou vle fè, pouvwa a la anba men ou pou ou fè l.
Bondye fè levasyon pèp li a19Lè ou boule konsa ak moun,
se moutre ou moutre pèp ou a kijan moun k'ap mache dwat yo fèt pou zanmi tout moun.
Ou bay pitit ou yo gwo bèl espwa w'ap padonnen tout peche yo fè.
20Si ou te pran tèt ou pou ou te pini piti piti moun ki pa te vle wè pitit ou yo,
bann moun ki te deja kondannen pou yo te mouri yo,
paske ou te vle ba yo chans pou yo te vire do bay mechanste,
21se konsa tou ou te pran tout kalite prekosyon pou jije pitit ou yo,
ou menm ki te fè sèman, ki te pase kontra ak zansèt yo
lè ou t'ap fè yo bèl pwomès ou yo.
22Konsa, lè ou pran san ou pou ou pini lènmi nou yo,
se leson w'ap ban nou,
pou nou menm lè n'ap jije lòt yo, nou ka chonje jan ou gen bon kè,
lèfini, lè se ou menm k'ap jije nou, nou ka konte sou pitye w'ap gen pou nou. Chatiman pèp peyi Lejip la
23Se konsa, moun sa yo ki te pase tout lavi yo ap fè mechanste sitèlman yo te pèdi tèt yo,
ou pa manke maltrete yo,
wi, ou sèvi ak vye bagay degoutan yo t'ap sèvi yo pou maltrete yo.
24Yo te al twò lwen sou chemen mantò a,
yo chwazi bèt ki pi degoutan, bèt ki pi sal pou sèvi yo bondye.
Tankou timoun san konprann, yo kite moun mete yo nan sak.
25Konsa tou, ou trete yo tankou timoun san konprann,
ou voye yon chatiman sou yo pou pase yo nan betiz.
26Men, moun ki pa te pran chatiman timoun sa a pou yon avètisman,
yo pral sibi nan men Bondye chatiman yo merite a.
27Moun sa yo te estonmake ak bèt sa yo ki t'ap fè yo soufri a.
Lè yo wè sa yo te pran pou bondye yo a tounen yon fwèt nan dèyè yo,
je yo louvri, yo rekonèt Bondye yo te derefize konnen depi nan tan lontan an se li menm ki Bondye tout bon an.
Se poutèt sa dènye chatiman an tonbe sou yo.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.