1Jòb tanmen pale ankò, li di:
2— Ki moun ki va fè m viv tan lontan an,
lè Bondye t'ap voye je sou mwen an?
3Lè Jòb 18.6; Sòm 18.28 sa a, Bondye te toujou la avèk mwen.
Limyè li te klere anwo tèt mwen,
li t'ap moutre m kote pou m mete pye m nan fènwa a.
4Nan Jòb 15.8; Sòm 25.14; Pwo 3.32 tan sa a, tout zafè m t'ap mache byen.
Bondye te zanmi m. Li t'ap pwoteje kay mwen.
5Bondye Sòm 128.3 ki gen tout pouvwa a te toujou la avèk mwen.
Mwen t'ap viv nan mitan tout pitit gason m yo.
6Bèf Det 32.13,14; Jòb 20.17 ak kabrit mwen yo te konn bay anpil lèt.
Pye oliv mwen yo te donnen menm nan tè wòch.
7Lè mwen parèt pòtay lavil la,
lè mwen pran plas mwen nan mitan chèf fanmi yo,
8wè yo wè m, jenn gason yo mete kò yo sou kote,
granmoun yo leve kanpe pa respè pou mwen.
9Notab Jòb 21.5 yo sispann pale,
yo fèmen bouch yo.
10Ata Eze 3.26 chèf yo pa ka pale ankò!
Lang yo vin lou nan bouch yo.
11Tout moun ki te wè m t'ap mache fè lwanj mwen,
tout moun ki te tande m te kontan avè m.
12Mwen Sòm 72.12 lonje men bay pòv malere ki nan ka
ansanm ak timoun san papa ki san sekou.
13Moun Rit 2.20; Jòb 31.20 ki te nan pi gwo mizè t'ap fè lwanj mwen.
Mwen te fè kè vèv yo kontan.
14Mwen Sòm 132.9; Eza 59.17; Zak 3.5; Ef 6.14 te toujou fè sa ki dwat.
Mwen pat janm nan patipri.
15Se mwen ki te wè pou avèg yo.
Se mwen ki te mache pou kokobe yo.
16Mwen Pwo 29.7 te yon papa pou pòv malere yo.
Mwen te kanpe pou defann kòz etranje yo.
17Mwen Sòm 3.7; 58.6 te kraze pouvwa malveyan yo.
Mwen sove moun ki te anba men yo.
18Mwen Sòm 30.6 t'ap di nan kè m: M'a viv kont viv mwen.
M'a mouri sou kabann mwen ak kè poze.
19Mwen Jòb 18.16; Sòm 1.3 te tankou yon pyebwa plante bò larivyè.
Sou tout branch li yo se lawouze.
20Moun Jen 49.24; Eza 40.31; 41.1 pa ta janm sispann fè lwanj mwen.
Mwen t'ap toujou gen tout fòs mwen sou mwen.
21Lè m'ap pale, tout moun fèmen bouch yo.
Yo louvri zòrèy yo, y'ap tann konsa konsèy m'ap bay.
22Pawòl Det 32.2 mwen tonbe nan kè yo tankou grenn lapli.
Lè m fin pale, pèsonn pa gen anyen pou di ankò.
23Yo Det 11.14; Sòm 119.131; Pwo 16.15; Zak 10.1 t'ap tann mwen pale tankou tè sèk k'ap tann lapli.
Yo rete bouch louvri pou ranmase sa m'ap di.
24Lè Jen 4.5; Pwo 16.15 yo dekouraje, mwen fè yon ti ri ak yo.
Sa te kont pou remoute kouray yo.
25Mwen te kanpe alatèt yo.
Mwen mennen yo tankou yon wa k'ap mennen sòlda li yo.
Mwen di yo sa pou yo fè.
Mwen te ba yo kouray lè yo nan lafliksyon.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.