Egzòd 10 - 1998 Haitian Creole

Mirak krikèt vèt

1Senyè a di Moyiz ankò:

— Ale bò kote farawon an. Se mwen menm Pat rete yon sèl grenn krikèt nan tout peyi Lejip la.

20Men Egz 4.21 Senyè a fè farawon an fè tèt di ankò. Farawon an pa kite moun pèp Izrayèl yo ale.

Fènwa sou tout peyi a

21Senyè a Egz 10.12 di Moyiz ankò:

— Lonje men ou anlè pou fènwa kouvri peyi Lejip la, yon fènwa sitèlman pwès moun ta ka santi l anba men yo.

22Moyiz Sòm 105.28 leve men l anlè, epi yon fènwa byen pwès desann kouvri tout peyi Lejip la pandan twa jou.

23Moun Egz 8.22 peyi Lejip yo fè twa jou yonn pat ka wè lòt, pèsonn pa mete tèt deyò. Men, te gen klète kote moun pèp Izrayèl yo te rete a.

24Farawon Egz 10.8,10 an fè rele Moyiz, li di l konsa:

— Nou mèt ale fè sèvis pou Senyè a. Nou mèt ale ak timoun nou yo. Men mouton nou yo, kabrit nou yo ak bèf nou yo ap rete isit la.

25Moyiz reponn li:

— Bon, lè sa a, se ou menm ki pral ban nou bèt pou nou touye pou nou boule pou Senyè a, Bondye nou an?

26Tout bèt nou fèt pou ale ak nou. Nou p'ap kite yonn dèyè. Paske, se ladan yo pou nou pran sa nou bezwen pou fè sèvis pou Senyè a, Bondye nou an. Tout tan nou pa rive, nou poko konnen kisa nou pral chwazi pou ofri bay Senyè a.

27Men Egz 10.20 Senyè a fè farawon an fè tèt di pi rèd toujou. Farawon an pat vle kite yo ale.

28Farawon an di Moyiz konsa:

— Wete kò ou devan m. Gade! Pa janm parèt devan m ankò, paske jou ou ta parèt devan m ankò, m'ap disparèt ou.

29Moyiz Eb 11.27 reponn li:

— Jan ou vle! Mwen p'ap janm parèt devan ou ankò.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help