1Sou reny wa David, vin gen yon gwo pitit Sayil la, te fè pou Adriyèl, pitit gason Bazilayi, moun lavil Meola a.
9Li lage yo nan men moun Gabawon yo ki pann yo sou yon ti mòn devan Senyè a. Yo tou lesèt mouri ansanm. Lè sa a, se te fen sezon prentan, yo te fenk konmanse rekòt lòj la.
10Apre sa, Rispa, pitit Ayi a, pran yon rad sak, li vlope kò l ladan l, l'al chita sou wòch kote kadav yo te ye a. Li rete la depi nan konmansman rèkòt la jouk sezon lapli a rive. Lajounen li t'ap chase zwazo ki te vle vin poze sou kadav yo. Lannwit li t'ap kouri dèyè bèt nan bwa ki te vle vin devore yo.
11Y'al rapòte bay David sa Rispa, yonn nan fanm kay Sayil yo, t'ap fè a.
12David moun lavil Betleyèm, touye Golyat, yon moun lavil Gat. Frenn Golyat la te gen yon manch menm gwosè ak yon gwo manch pilon.
20Vin gen yon lòt batay ankò lavil Gat. Lè sa a, te gen yon sòlda bèl wotè ki te gen sis dwèt nan chak men, sis zòtèy nan chak pye. Se te yonn nan ras moun Arafa yo.
21Li 1 Sam 17.10 t'ap pase moun pèp Izrayèl yo nan betiz. Jonatan, pitit gason Chimeya, frè David la, touye l.
22Kat sòlda peyi Filisti sa yo te moun bèl wotè, potorik gason, nan ras moun Arafa yo lavil Gat. David ak moun pa li yo touye yo.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.