2 Timote 4 - 1998 Haitian Creole

1Men Tra 10.42; 1 Pyè 4.5; Wòm 14.9,10 sa m'ap mande ou, devan Bondye ak devan Jezikri ki gen pou vini tankou yon wa pou jije tout moun, ni sa ki vivan ni sa ki mouri:

2Fè Tra 20.20,31 konnen pawòl Bondye a, mache bay li san pran souf, nan tout sikonstans, tan an te mèt bon li te mèt pa bon. Bay tout kalite prèv, rale zòrèy, bay konsèy, moutre moun yo verite a avèk pasyans nèt ale.

3Yon 2 Tim 1.13; 1 Tim 4.1 lè, ou gen pou ou wè moun p'ap vle kite yo moutre yo verite a ankò, y'ap vle pou yo swiv lide pa yo. Lè sa a, y'a reyini yon bann dirèktè met bò kote yo ki va di yo sa yo ta renmen tande.

4Yo 1 Tim 4.7; 2 Tes 2.11 p'ap vle tande verite a, y'a pito koute istwa ki pa vre.

5Men, 2 Tim 2.3; Ef 4.11 ou menm, kenbe tèt ou anplas nan tout sikonstans. Sipòte tout kalite soufrans. Fè travay moun k'ap anonse bòn nouvèl la. Fè devwa ou ak tout kè ou, tankou yon sèvitè Bondye.

6Pou Fil 2.17 mwen menm, lè a rive kote yo pral ofri m tankou bèt y'ap ofri bay Bondye, lè a vini pou m kite lavi sa a.

7Mwen 1 Kor 9.25; 1 Tim 6.12; Fil 3.14 fin mennen batay la byen mennen, mwen rive nan bout kous mwen, mwen kenbe konfyans mwen fèm nan Bondye.

8Kounyeya, se 2 Tim 2.5; Jak 1.12; 1 Pyè 5.4; Rev 2.10 rekonpans mwen m'ap tann pou lavi dwat mwen te mennen an. Lè gran jou a va rive, Senyè k'ap jije san patipri a ap mete rekonpans mwen an tankou yon kouwòn sou tèt mwen. Men, se pa mwen ase l'ap bay li. Tout moun k'ap tann ak tout kè yo lè la gen pou l parèt la, va resevwa l tou.

Sa Pòl mande Timote fè

9Fè 2 Tim 1.4 posib ou vin jwenn mwen touswit.

10Paske, Kol 4.14 Demas lage m, li te renmen bagay ki nan lemonn lan twòp. Li pati, l'ale Tesalonik. Kresan pou tèt pa l al nan peyi Galasi, Tit ale Dalmasi.

11Se Tra 15.37; Kol 4.10 Lik sèlman ki la avèk mwen. Pran Mak avèk ou lè w'ap vini. L'a ban m yon bon kout men nan travay la.

12Mwen Tra 20.4; Ef 6.21; Kol 4.7 voye Tichik lavil Efèz.

13Lè w'ap vini, pase pran gwo manto mwen te kite lakay Kapis, lavil Twoas, pote l pou mwen. Pote Liv yo tou, espesyalman sa ki fèt ak po bèt yo.

14Aleksann, 1 Tim 1.20; 2 Sam 3.39; Sòm 28.4; 62.12; Pwo 24.12 bòs fòjon an, fè m anpil tò. Senyè a va ba l sa l merite dapre sa l fè a.

15Pran prekosyon ou avè l, ou menm tou. Paske li pat vle tande sa n'ap di a menm.

16Pat 2 Tim 1.15 gen pèsonn pou ede m premye jou mwen t'ap fè defans mwen devan chèf yo. Tout moun kite m pou kont mwen. Mwen mande Bondye pou l padonnen yo sa.

17Men, Sòm 22.21; Da 6.21-28; Tra 23.11; 27.23 Senyè a te kanpe la avè m, li ban m fòs. Se sa k fè, mwen te kapab fè konnen pawòl la nèt ale, pou tout moun ki pa jwif yo te ka tande li. Se konsa Bondye wete m nan bouch lyon an.

18Senyè a va toujou delivre m nan tout move pa. L'ap konsève m pou m ka antre nan peyi kote li wa nan syèl la. Se pou li tout lwanj pou tout tan. Amèn.

Dènye ti bonjou pou frè yo

19Di Tra 18.2; 2 Tim 1.16 Priska ak Akilas bonjou pou mwen, ansanm ak tout moun ki lakay Onezifò yo.

20Eras Tra 19.22; 20.4; 21.29 te rete Korent. Mwen te blije kite Twofim lavil Milè paske li te malad.

21Fè posib ou pou ou vin jwenn mwen anvan sezon fredi a rive. Ebilis, Pidans, Linis, Klodya ak tout lòt frè yo voye bonjou pou ou.

22Mwen mande Senyè a pou l toujou la avèk ou.

Benediksyon Bondye avèk nou tout. Amèn.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help