5(6) Senyè, Eb 10.5-7 Bondye 1 Sam 15.22; Sòm 51.16; Oze 6.6; Mat 9.13 mwen, ou te fè anpil bèl mèvèy pou nou,
ou te fè anpil lide pou nou.
Pa gen tankou ou, Senyè!
Mwen ta renmen fè moun konnen yo,
mwen ta renmen pale sou yo.
Men, yo sitèlman anpil, mwen pa ka rakonte yo.
6(7) Ou Lik 24.44 pa bezwen yo fè okenn ofrann bèt pou boule pou ou,
ni pou yo fè ou kado anyen.
Men, ou louvri zòrèy mwen yo.
Ou pa mande pou yo boule okenn vyann bèt pou ou,
ni pou yo touye bèt pou wete peche.
7(8) Lè Jòb 23.12; Sòm 119.35; Jer 15.16; Jan 4.34; Wòm 7.22 sa a mwen di:
— Men mwen, mwen vini, jan sa ekri sou mwen nan liv la.
8(9) Bondye Joz 22.22; Sòm 22.22,25; Tra 20.20,27; Wòm 1.16,17 mwen, mwen pran plezi m nan fè sa ou vle m fè.
Wi, mwen kenbe lalwa ou nan fon kè m.
9(10) Senyè, lè tout pèp Bondye a te reyini,
mwen te fè yo konnen jan ou fè nou gras.
Wi, ou konn sa, mwen p'ap rete ak bouch mwen fèmen.
10(11) Mwen Sòm 57.3; 61.7 pat manke pa di jan ou fè nou gras,
jan ou bay moun sekou.
Nan mitan tout pèp Bondye a, lè yo reyini,
mwen pat manke pa di jan ou renmen nou,
jan ou toujou kenbe pawòl ou.
11(12) Senyè, Sòm 38.4,10; 116.3 ou pa janm sispann gen pitye pou mwen.
W'ap toujou pwoteje m, paske ou renmen m.
Ou p'ap janm lage m.
Lapriyè pou mande delivrans(Wè Sòm 70.1-5 tou)12(13) Kote m Sòm 70.1-5 vire, Sòm 38.22 malè tonbe sou mwen.
Mwen pa ka konte yo.
Peche m yo twòp pou mwen.
Mwen pa k'ap sipòte yo.
Yo pi plis pase cheve nan tèt mwen.
Mwen pèdi tout kouray mwen.
13(14) Senyè, Sòm 6.10; 35.4 tanpri, delivre m non!
Prese vin pote m sekou, Senyè.
14(15) Moun Sòm 35.21,25 k'ap chache touye m yo,
se pou yo tout wont, se pou yo pa ka leve tèt yo.
Moun ki anvi wè malè rive mwen,
se pou yo renka kò yo, se pou yo wont.
15(16) Moun Sòm 35.27 k'ap lonje dwèt sou mwen yo,
se pou sezisman pran yo tèlman yo wont.
16(17) Men, Sòm 86.1; 1 Pyè 5.7 tout moun ki vin jwenn ou,
se pou yo kontan, se pou yo fè fèt.
Tout moun ki renmen jan ou delivre yo a,
se tout tan pou yo di:
— Senyè a gen gwo pouvwa!
17(18) Pou mwen menm, se yon pòv malere san sekou mwen ye.
Men ou menm ki mèt mwen, pa bliye m.
Se ou ki tout sekou mwen,
se ou ki tout delivrans mwen.
Bondye mwen, pa mize!
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.