Nonb 3 - 1998 Haitian Creole

Pitit Levi yo

1Lè nou remoute nan tan Senyè a te pale ak Moyiz sou mòn Sinayi a, men moun ki te nan fanmi Arawon ak Moyiz.

2Men gason. Se yo ki te reskonsab kote ki apa nèt pou Senyè a nan kay Bondye a.

29Fanmi Nonb 1.53 sa yo te moute kan yo sou bò sid kay Bondye a.

30Se Elizafan, pitit gason Ouzyèl la, ki te chèf fanmi Keyat yo.

31Se Egz 25.10,23,31; 26.36; 27.1; 30.1; Nonb 4.15 yo ki te reskonsab Bwat Kontra a, tab la, gwo lanp sèt branch lan, lotèl yo ak tout bagay ki sèvi nan kote ki apa nèt pou Bondye a, rido yo ansanm ak tout bagay ki mache avèk rido yo.

32Se Eleaza, pitit gason Arawon, prèt la, ki te chèf tout chèf fanmi Levi yo. Se li ki te kontwole travay moun ki te reskonsab kote ki apa nèt pou Senyè a.

33Te gen de fanmi nan branch fanmi Merari a: se te pitit Makli yo ak pitit Mouchi yo. Se tout fanmi Merari yo sa.

34Lè yo konte tout gason yo, depi sa ki gen yon mwa depi yo fèt jouk sa ki pi gran yo, yo jwenn simil desan (6.200) gason.

35Se Nonb 1.53 Zouryèl, pitit gason Abikayil la, ki te chèf fanmi Merari yo. Yo te moute kan yo sou bò nò kay Bondye a.

36Se Egz 26.15,19,26,32,37; Nonb 4.31,32 yo ki te reskonsab ankadreman pou soutni kay Bondye a, travès yo, poto yo, sipò yo ak tout rido yo ansanm ak tout bagay ki sèvi ak yo.

37Yo Egz 27.10,19; Nonb 4.32 te reskonsab poto, sipò, pikèt ak kòd pou soutni galeri yo tou.

38Moyiz, Nonb 1.51,53; 18.5 Arawon ak pitit gason l yo te moute kay pa yo devan Tant Randevou a, sou bò lès. Se yo ki te reskonsab pou fè sèvis nan kote ki apa nèt pou Bondye a pou pèp Izrayèl la. Tout lòt moun ki ta konprann pou yo fè travay prèt yo, se pou yo touye yo.

39Lè Nonb 3.22,28,34; 26.62 Moyiz ak Arawon te fè resansman moun fanmi Levi yo, chak fanmi apa, dapre lòd Senyè a te bay yo a, yo jwenn antou venndemil (22.000) gason, depi sa ki te gen yon mwa depi yo te fèt jouk sa ki pi gran yo.

Resansman premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo

40Senyè a di Moyiz konsa:

— Pran non tout premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo, depi sa ki gen yon mwa depi yo fèt jouk sa ki pi gran yo. W'a konte konbe ki genyen.

41Se Nonb 3.12,45 mwen menm ki Senyè a. W'a pran moun fanmi Levi yo, w'a mete yo apa pou mwen nan plas tout premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo. Konsa tou, w'a pran tout bèt ki pou moun fanmi Levi yo, w'a mete yo apa pou mwen nan plas premye ti mal bèt moun Izrayèl yo va fè.

42Moyiz pran non tout premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo, dapre lòd Senyè a te ba li a.

43Li konte tout premye pitit gason yo, depi sa ki te gen yon mwa jouk sa ki pi gran yo. Li jwenn venndemil desanswasanntrèz (22.273).

44Apre sa, Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa:

45— Pran Nonb 3.12,41 moun fanmi Levi yo, mete yo apa pou mwen nan plas premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo. Epi w'a mete bèt moun Levi yo apa pou mwen tou nan plas premye ti mal bèt moun pèp Izrayèl yo va fè. Konsa, tout moun Levi yo va pou mwen. Se mwen menm ki Senyè a.

46Ou Egz 13.13; Nonb 3.39,43; 18.15 te jwenn te gen plis premye pitit gason nan pèp Izrayèl la pase te gen moun Levi. Te gen desanswasanntrèz (273) an plis. Men sa pou yo peye pou sove lavi desanswasanntrèz premye pitit gason sa yo.

47Pou Nonb 18.16 yo chak, y'a bay senk pyes ajan, dapre sistèm lajan yo sèvi nan kay Bondye a: ven gera pou yon pyès ajan.

48W'a pran lajan yo peye pou sove lavi sa ki an plis yo, w'a bay Arawon ak pitit gason l yo.

49Se konsa, Moyiz pran lajan yo te peye pou sove lavi premye pitit gason ki te an plis sou kantite moun Levi yo.

50Li Nonb 3.46,47 pran mil twasanswasannsenk (1.365) pyès lajan nan men premye pitit moun Izrayèl yo, dapre sistèm lajan yo sèvi nan kote ki apa pou Bondye a.

51Apre sa, Moyiz pran tout lajan yo te peye pou sove lavi rès premye pitit gason yo, dapre lòd Senyè a te bay la, li bay Arawon ak pitit gason l yo, jan Senyè a te ba li lòd la.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help