1Larenn peyi Saba tande pale ki kalite genyen! Ala bèl chans moun k'ap travay avè ou yo genyen! Yo toujou la devan ou ap tande pawòl bon konprann k'ap sòti nan bouch ou!
9Lwanj 1 Wa 5.7; 2 Kwo 2.11; Sòm 72.2 pou Senyè a, Bondye ou la! Li moutre jan li kontan avè ou. Li mete ou wa peyi Izrayèl la. Li menm ki renmen peyi Izrayèl la pou tout tan, li mete ou wa pou ou ka kenbe peyi a nan lòd, nan bon chemen san patipri.
10Larenn lan fè wa a kado senk tòn lò ak kantite fèy santi bon ak anpil pyè koute chè. Wa a pa janm resevwa nan lavi li kantite fèy santi bon larenn Saba te ba li lè sa a.
11Batiman 1 Wa 9.27,28 Iram yo ki te al chache lò nan peyi Ofi, te pote sòti nan menm peyi sa a yon gwo kantite bwa koray ak anpil bèl pyè koute chè.
12Salomon sèvi ak bwa koray la pou fè balistrad nan Tanp lan ak nan palè a. Li fè gita ak bandjo pou mizisyen yo ak bwa sa a tou. Se te pi bon kalite bwa koray yo te janm fè antre nan peyi Izrayèl. Depi lè sa a yo pa janm wè sa ankò.
13Wa Salomon te bay larenn peyi Saba a tou sa li te mande l, san konte lòt kado li menm, wa Salomon, li te vle ba li. Apre sa, larenn lan tounen nan peyi Saba ansanm ak tout moun ki te avè l yo.
Richès wa Salomon(2 Kwonik 9.13-29)14Chak 2 Kwo 9.13-28 lanne wa Salomon te resevwa vennsenk tòn lò,
15san konte lajan li resevwa nan men moun k'ap fè trafik, nan men moun k'ap fè kòmès, nan men wa peyi Arabi yo ak nan men gouvènè pèp Izrayèl yo.
16Salomon te fè fè desan (200) gwo plak pwotèj fè. Lèfini li fè kouvri yo chak ak yon kouch lò ki peze kenz liv.
17Li 1 Wa 7.2; 14.26 fè fè twasan (300) ti plak pwotèj fè tou. Li fè kouvri yo chak ak yon kouch lò ki peze twa liv. Li mete tout plak pwotèj sa yo nan Salon Rakbwa peyi Liban an.
18Li fè fè yon gwo fòtèy ak kòn elefan. Li fè kouvri l ak pi bon kalite lò ki genyen.
19Pou rive bò fòtèy la, se pou ou te moute sis mach eskalye. Dèyè fòtèy la te gen pòtre yon gwo tèt towo. Sou kote manch yo sou chak bò, te gen pòtre yon lyon.
20Te gen douz lyon sou macheskalye yo, de sou chak mach, nan de pwent yo. Pat gen okenn lòt peyi ki te gen fòtèy pou wa parèy ak fòtèy sa a.
21Tout gode wa Salomon te sèvi pou li bwè te fèt ak lò. Tout bagay ki te sèvi nan salon Fore Liban an te fèt ak bon lò. Yo pa t' sèvi ak lajan menm, paske nan tan Salomon se te yon metal ki pa te gen valè.
22Li 1 Wa 22.48; Eza 2.16; 23.1,6 te gen kantite batiman pa l ki t'ap vwayaje toupatou sou lanmè ansanm ak batiman Iram yo. Chak twazan, batiman yo tounen, yo pote lò, ajan, kòn elefan, pan ak makak.
23Wa 1 Wa 3.12,13; 4.30 Salomon te pi rich pase tout lòt wa yo, li te gen plis bon konprann pase yo tout.
24Tout moun toupatou te vle vin wè l pou tande pawòl bon konprann Bondye te mete nan bouch li.
25Chak moun ki te vini te pote kado pou li: bagay fèt ak lajan ak lò, rad, zam, fèy santi bon, chwal ak milèt. Chak lane, se te konsa.
26Salomon 2 Kwo 1.14-17 te 1 Wa 4.26; 9.19 sanble mil katsan (1.400) cha lagè ak douzmil (12.000) chwal pou sòlda kavalye yo. Li mete yon pòsyon ladan yo nan lavil li te fè bati tout espre pou yo. Rès yo, li mete yo bò kote l lavil Jerizalèm.
27Pandan tout reny wa a, ajan te tankou wòch lavil Jerizalèm. Bwa sèd menm, ou te jwenn sa an kantite tankou pye sikomò nan rakbwa ki nan plenn peyi Jida yo.
28Chwal Det 17.16 Salomon yo te sòti nan peyi Lejip ak nan peyi Silisi. Wa a te gen moun pa l ki te konn al achte chwal yo pou li la.
29Chak cha lagè achte nan peyi Lejip te koute sisan (600) pyès ajan, chak chwal te koute sansenkant (150) pyès ajan. Se menm moun sa yo ki te konn al achte chwal pou revann wa peyi Et yo ak wa peyi Siri yo.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.