Chirasid 2 - 1998 Haitian Creole

Sèvi Granmèt la san dezanpare

1Pitit mwen, si ou vle sèvi Granmèt la,

pare kò ou pou lè y'ap sonde ou.

2Mache dwat, epi mete moun sou ou. Kenbe, pa lage!

Pa faya lè malè tonbe sou ou.

3Kenbe pye Granmèt la fèm. Pa janm vire do ba li.

Apre sa, anvan ou mouri wa wè tout bagay ap mache byen pou ou.

4Asepte tou sa ki rive ou.

Se pou ou gen pasyans lè lavi ap manyen avè ou pou desann ou.

5Se nan dife yo pase lò pou wè si li bon.

Se nan chalè soufrans yo pase moun pou wè si Bondye pran plezi nan yo.

6Mete konfyans ou nan Bondye, l'a vin pote ou sekou.

Mennen bak ou dwat, ret tann li.

7Nou menm ki gen krentif pou Granmèt la, nou mèt konte sou bon kè li.

Pa kite chemen dwat li a pou nou pa tonbe nan fè peche.

8Nou menm ki gen krentif pou Granmèt la, mete konfyans nou nan li.

Nou p'ap pa jwenn rekonpans nou.

9Nou menm ki gen krentif pou Granmèt la, nou mèt konte sou Bondye pou l fè zafè nou mache byen,

pou l ban nou kè kontan ki p'ap janm fini an,

pou l pa janm sispann renmen nou.

10Kalkile sou sa ki rive moun ki te la anvan nou yo! Sa nou wè?

Kimoun ki janm mete konfyans yo nan Granmèt la pou yo rete bèkèkè?

Kimoun ki janm kenbe fèm nan krentif yo pou Bondye lèfini pou Bondye lage yo?

Kimoun ki janm rele Granmèt la pou Granmèt la pa okipe l?

11Paske Granmèt la gen bon kè, li p'ap janm sispann gen pitye pou nou.

Li padonnen peche nou yo, l'ap delivre nou lè nou anba tray.

12Madichon pou moun ki pa gen kè, pou moun ki pa ka kenbe,

pou moun k'ap woule de bò.

13Madichon pou moun ki san kouray, pou moun ki pa gen konfyans!

Bondye p'ap pwoteje yo.

14Madichon pou nou ki lage paske nou dekouraje!

Kisa n'a fè menm lè se Granmèt la menm ki va vin sonde nou?

15Moun ki gen krentif pou Granmèt la p'ap janm dezobeyi lòd li bay yo.

Moun ki renmen l yo ap viv jan li mande pou yo viv la.

16Moun ki gen krentif pou Granmèt la ap chache tout jan pou yo fè l plezi.

Moun ki renmen l yo pran gou pou fè sa lalwa Bondye a mande.

17Moun ki gen krentif pou Granmèt la toujou pare pou nenpòt sa ki rive.

Devan Bondye, yo desann tèt yo, y'ap di:

18— Si se pou n tonbe, se anba men Granmèt la n'a tonbe,

nou p'ap tonbe anba men moun.

Paske, menm jan Granmèt la gen pouvwa a,

se konsa tou li gen bon kè.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help