Sajès 7 - 1998 Haitian Creole

1Tankou tout moun, mwen menm k'ap pale la a, mwen la pou m mouri.

Tankou tout moun, mwen sòti nan ras premye moun Bondye te fè ak tè a.

Tankou tout moun, yo ban mwen fòm kò mwen nan vant yon manman,

2kote nan plezi kabann, apre jenm lavi yon nonm tonbe nan san manman m,

pandan dis lalin mwen devlope.

3Lè m fèt, mwen rale menm lè ak tout moun.

Mwen parèt sou latè tankou tout moun.

Tankou tout moun, premye rèl mwen se kriye mwen kriye.

4Yo vlope m nan kouchèt, mwen bay moun k'ap okipe m yo kont traka yo.

5Pa gen wa ki janm fèt lòt jan.

6Yon sèl jan pou tout moun antre nan lavi a,

yon sèl jan tou pou tout moun mouri sòti ladan l.

Jan Salomon renmen Bon Konprann

7Se poutèt sa mwen lapriyè, yo ban mwen lespri.

Mwen rele Bondye, lespri Bon Konprann lan vin sou mwen.

8Mwen te pito l pase baton kòmandman ak fòtèy wa yo.

Pou mwen pa gen richès ki ka parèt devan l.

9Pa gen bèl pyè koute chè ki ka gen menm valè avè l.

Devan li tout lò sou latè pa vo plis pase grenn sab.

Bò kote l lajan menm se labou sa ye.

10Mwen te renmen l pase lasante ak bèlte.

Mwen te pito l pase limyè, paske klète pa l la pa janm bese.

11Lè Bon Konprann vin jwenn mwen, li vini ak tout kalite byen.

Li pote yon richès ban mwen, richès mwen pa ka konte.

12Mwen te kontan tout richès sa yo,

paske se Bon Konprann menm ki te ban mwen yo.

Anvan sa, mwen pa te konnen se nan men l yo te sòti.

13Se ak tout kè m mwen te aprann nan men li.

Se san move lide dèyè tèt mwen m'ap separe ak lòt sa l moutre m lan.

Mwen p'ap kenbe l kache yon kote.

14Paske, Bon Konprann se yon trezò moun p'ap janm fin depanse.

Lè moun sèvi avè l, sa fè yo zanmi Bondye.

Sa yo aprann nan men Bon Konprann se don k'ap pale pou yo.

Sa fè Bondye asepte yo pou zanmi.

Se nan Bondye tout konprann sòti

15Mwen mande Bondye pou l mete pawòl li vle mwen di nan bouch mwen.

Mwen mande l pou lide k'ap travay nan tèt mwen koresponn ak don mwen resevwa yo.

Paske, se Bondye menm ki chemen Bon Konprann lan,

se li menm menm k'ap moutre moun ki gen bon konprann yo sa pou yo fè.

16Se anba lòd li nou ye, nou menm ansanm ak pawòl nan bouch nou.

Se nan men l tout konesans ak ladrès pou fè tout kalite travay ye.

17Se li menm ki ban m bon konesans sou tout bagay.

Li fè m konnen jan tout bagay li fè yo byen ranje,

jan tout pati nan yo fè travay yo,

18jan yo fikse konmansman, mitan ak finisman lanne yo,

jan solèy la chanje pozisyon chak lè nan syèl la,

jan sezon yo chanje,

19jan chak lanne gwoup zetwal yo fè wonn nan syèl la.

Li fè m konnen pozisyon zetwal yo.

20Li fè m konnen sa bèt yo ye,

ki kalite lespri bèt nan bwa yo genyen,

ki kalite pouvwa lespri yo genyen,

ki kalite lide k'ap travay nan tèt moun.

Li fè m konnen divès kalite plant ki genyen ak vèti rasin yo.

21Mwen te rive konnen tou sa ki kache ak tou sa moun ka wè,

paske se Bon Konprann lan menm, li menm ki travay fè tout bagay yo nèt la, se li menm ki moutre m yo.

Sa Bon Konprann lan ye

22Bon Konprann lan gen anpil lespri, li apa nèt pou Bondye.

Se yon sèl la ki genyen, atout li fè divès kalite travay.

Li fen, li deplase fasil,

li wè lwen, li san tach,

li klè kou dlo sous, anyen pa ka fè l soufri.

Li renmen sa ki byen, li file kou kouto de bò.

23Anyen pa ka fòse l fè sa li pa dwe fè,

li renmen fè byen, li zanmi tout moun.

Li byen kanpe, moun mèt toujou konte sou li.

Li san pwoblèm, pa gen anyen li pa ka fè.

L'ap veye sou tout bagay, li konnen sa k'ap pase nan lespri tout moun,

yo te mèt fò, yo te mèt pwòp nan zafè yo,

yo te mèt entelijan wòd mezi.

24Bon Konprann deplase pi vit pase tout lòt bagay ki gen mouvman.

Li sitèlman pwòp san melanj, li pase antravè tout bagay.

25Bon Konprann se yon souf ki sòti nan pouvwa Bondye,

se yon fòs san melanj ki sòti dirèk dirèk

nan bèlte Bondye ki gen tout pouvwa a.

Pa gen anyen ki pa ka fè sèvis Bondye a ki ka fofile antre sou li.

26Se yon reflè limyè ki p'ap janm fini an,

yon glas san tach ki bay yon bon pòtre aktivite Bondye ak bon kè li.

27Atout li travay pou kont li, li ka fè tout travay.

De tit an tit, li pase nan nanm tout moun k'ap viv pou Bondye yo.

Li fè yo zanmi ak Bondye,

li fè yo tounen pwofèt k'ap bay mesay li yo.

28Paske, moun k'ap viv entim ak Bon Konprann,

se yo menm ase Bondye renmen.

29Bon Konprann klere pi bèl pase solèy.

Gwoup zetwal yo pa ka parèt devan l.

Pa gen limyè ki vo anyen devan l.

30Paske, si limyè kite plas li pou dekou lannwit,

pa gen mechanste ki ka gen pye sou Bon Konprann.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help