1 Makabe 10 - 1998 Haitian Creole

Aleksann Epifanès mete Jonatan granprèt

1Nan lanne sanswasant (160), Aleksann Epifanès, pitit gason Antyokis la, vini, li pran lavil Tolemayis. Moun la yo resevwa l ak kè kontan, epi yo nonmen l wa.

2Lè wa Demetriyis vin konn sa, li reyini yon gwo lame epi li pati, l'al leve batay ak Aleksann.

3Menm lè a, Demetriyis voye yon lèt bay Jonatan, li voye di l jan li zanmi l anpil, epi li pwomèt pou li ba li yon gwo pozisyon.

4Li t'ap di nan kè l:

— Annou koupe zèb anba pye Aleksann! Ann fè lapè ak jwif yo anvan Jonatan gentan al mete tèt li ansanm ak Aleksann sou do nou,

5paske Jonatan ap chonje tousa nou te fè l pase, ni li menm, ni frè l yo, ni peyi l la.

6Lè sa a, li bay Jonatan pèmisyon pou li moute yon lame, pou li fè zam, pou li fè tèt li pase pou patizan moun lavil Wòm yo. Lèfini, li bay lòd pou yo renmèt Jonatan jwif yo te kenbe tankou garanti nan fò lavil Jerizalèm yo.

7Jonatan moute lavil Jerizalèm, li li lèt Demetriyis la devan tout pèp la ak devan moun sitadèl yo.

8Yon sèl sezisman pran moun yo lè yo tande wa a te bay jwif yo pèmisyon moute yon lame.

9Moun sitadèl yo renmèt Jonatan jwif yo te kenbe tankou garanti yo. Jonatan renmèt yo bay fanmi yo.

10Jonatan al rete lavil Jerizalèm, li tanmen fè reparasyon nan lavil la pou rebati l.

11Li bay moun ki te reskonsab travay reparasyon yo lòd pou yo rebati miray ranpa yo, pou yo kouwonnen mòn Siyon an ak yon miray fèt ak gwo wòch taye kare kare. Bagay moun yo te fè vre.

12Moun lòt nasyon ki te rete nan fò Bakidès te fè bati yo kouri chape kò yo,

13yo tout yo kite pòs yo, yo tounen nan peyi yo.

14Tansèlman, yo te kite dèyè detwa nan jwif ki te vire do bay lalwa a ak kòmandman yo epi ki te al rete lavil Bèt-Sou kote yo te jwenn pwoteksyon.

15Wa Aleksann vin konnen pwomès Demetriyis te voye fè Jonatan yo. Anmenmtan yo rakonte l tout batay Jonatan te fè yo, jan li menm ansanm ak frè l yo, yo te fè mèvèy nan lagè, ak jan yo te soufri anpil.

16Lè sa a, Aleksann di konsa:

— Kote nou ka janm jwenn yon nonm konsa? Annou fè li zanmi nou pou l mache ansanm ak nou.

17Se konsa li ekri yon lèt voye bay Jonatan. Men sa ki te nan lèt la:

18— Wa Aleksann voye gwo bonjou pou Jonatan, frè li.

19Nou pran nouvèl jan ou se yon vanyan gason, jan ou merite pou ou zanmi nou.

20Se poutèt sa, depi jòdi a nou mete ou granprèt nasyon ou lan. Nou ba ou tit konseye wa a, pou ou ka soutni kòz nou, pou ou ka rete zanmi ak nou.

Lèfini, Aleksann voye yon rad wouj vyolèt ak yon kouwòn lò bay Jonatan.

21Jonatan mete rad seremoni granprèt la sou li pou Fèt Tonnèl yo nan sètyèm mwa nan lanne sanswasant (160) lan. Lèfini, li reyini yon gwo lame, epi li fè pare yon bon kantite zam pou sòlda li yo.

Demetriyis ofri Jonatan yon pi bèl pozisyon toujou

22Lè Demetriyis vin konn sa, sa te fè l lapenn anpil. Li di konsa:

23— Kijan nou fè kite Aleksann koupe zèb anba pye nou pou l gen tan fè zanmi ak jwif yo jouk pou yo soutni kòz li?

24Mwen menm tou, mwen pral ekri jwif yo an zanmi, mwen pral ofri yo bèl pozisyon ak anpil richès pou yo ka pran pozisyon pou mwen.

25Se konsa li voye lèt sa a bay jwif yo:

— Wa Demetriyis voye gwo bonjou pou nasyon jwif yo.

26Sa te fè nou plezi anpil lè nou vin konnen jan jwif yo te kenbe kondisyon nou te pase yonn ak lòt yo, jan yo te toujou rete zanmi nou, jan yo pat al mete tèt yo ak lènmi nou yo.

27Toujou kenbe pawòl nou ak mwen, m'a ban nou bèl rekonpans pou tou sa n'a fè pou mwen.

28M'ap ban nou dwa pa peye anpil taks, m'ap ban nou anpil kado.

29Depi jòdi a, ak lèt sa a, mwen wete sou do ni ou ni tout lòt jwif yo obligasyon nou te gen pou n te peye lajan kontribisyon, taks sou sèl ak lò pou nou bay pou wa a. Nou pa bezwen peye sa.

30Depi jòdi a ak pou tout tan, mwen wete sou do nou obligasyon nou te gen pou nou te ban mwen yon tyè nan rekòt grenn jaden nou ak mwatye nan donn pyebwa nou yo. Lòd sa a valab depi jòdi a ak pou tout tan, ni pou peyi Jide a ni pou twa zòn mwen wete nan peyi Galile ak nan peyi Samari pou mete sou kont moun peyi Jide yo.

31Lavil Jerizalèm ansanm ak zòn ki sou kont li a va rete apa pou Bondye. Li p'ap bezwen peye anyen bay wa a sou ladim ak lòt taks li ranmase nan men moun li yo.

32Mwen renmèt otorite mwen te genyen sou sitadèl lavil Jerizalèm lan, mwen bay granprèt la otorite pou li mete sòlda li menm li va chwazi pou veye l.

33Pou tout jwif yo te fè prizonye nenpòt kote nan peyi ki anba baton kòmandman mwen an, mwen ba yo libète san yo pa bezwen peye anyen. Mwen vle pou yo menm tou pou yo pa nan peye okenn taks ni pou yo ni pou bèt yo.

34Nan tout peyi ki anba baton kòmandman m lan, mwen bay lòd pou jwif yo pa peye okenn taks, pou yo pa gen okenn obligasyon leta, pou yo ka lib tout jou fèt yo, tout jou repo yo, tout jou fèt lalin nouvèl yo ak tout lòt jou yo chwazi pou fè fèt, ansanm ak twa jou anvan ak twa jou apre jou fèt yo.

35Pèsonn pa gendwa egzije yon jwif pou li peye okenn lajan, ni yo pa gendwa chache l kont pou okenn rezon.

36Y'a gen dwa pran yon kantite jwif pou sèvi nan lame wa a, depi kantite a pa depase trantmil (30.000). Y'a peye yo menm lajan yo peye lòt sòlda wa yo.

37Y'a mete kèk sòlda nan gwo fò won ki pi enpòtan yo. Konsa tou ya pran kèk jwif, y'a mete nan pozisyon konfyans nan gouvènman peyi a. Kòmandan ak chèf sòlda jwif yo se va jwif parèy yo, moun k'ap swiv menm koutim ak yo, jan wa a te bay lòd la pou tout peyi Jide a.

38Gen twa zòn m'ap wete nan peyi Samari pou mete nan peyi Jide a. Yo va fè yonn ak peyi Jide a, y'ap anba menm gouvènman avè l, y'a obeyi yon sèl chèf, granprèt la ase.

39Mwen bay lavil Tolemayid ansanm ak tout tè ki pou li yo tankou yon kado pou tanp lavil Jerizalèm lan, pou kouvri tout depans y'ap bezwen fè pou sèvis yo.

40Mwen menm pou tèt pa m, m'ap bay chak lanne sanswasannkenz (175) kilo ajan k'ap sòti nan lajan ki pou vin pou wa a. Y'a pran l kote ki va pi bon pou sa.

41Gen yon rès nan lajan gouvènman an toujou bay pou sèvis tanp lan anplwaye leta yo pat bay jan sa te fèt nan lanne pase yo. Depi jòdi a, se pou yo bay rès lajan sa a pou travay k'ap fèt nan tanp lan.

42Konsa tou, taks senkannsenk kilo ajan yo te konn pran pou wa a sou valè lajan yo te ranmase nan tanp lan chak lanne a, mwen sispann sa. Lajan sa a va rete pou prèt yo k'ap fè sèvis pou pèp la.

43Si yon moun ki dwe kès wa a osinon yon lòt moun yon lajan al kache kò l nan tanp lan osinon nan yon kay ki sou kont tanp lan, yo p'ap ka mete men ni sou li ni sou okenn byen li genyen nan peyi ki anba baton kòmandman m lan.

44Kès wa a va reskonsab peye tout depans y'a fè pou rebati tanp lan ak pou fè reparasyon ladan l.

45Konsa tou, tout depans y'a fè pou fè reparasyon nan miray lavil Jerizalèm yo, nan gwo fò ki kouwonnen lavil la, ansanm ak tout depans ya fè pou rebati miray ranpa lòt lavil peyi Jide yo va sou kont kès wa a tou.

46Lè Jonatan ansanm ak pèp la tande koze sa yo, yo pa kwè yo, ni yo pa asepte yo paske yo te chonje tout gwo malè Demetriyis te fè nan peyi Izrayèl la ak jan li te peze yo anba men l.

47Yo te pito mete tèt yo ak Aleksann, paske se li menm Aleksann ki an premye te vin pale an zanmi ak yo. Se konsa, yo toujou mache ak li jouk jou li mouri.

48Wa Aleksann rasanble yon gwo lame, li mache sou Demetriyis.

49De wa yo pran goumen, men lame Aleksann lan kouri mete deyò. Demetriyis kouri dèyè yo, li pran avantaj sou yo nan batay la.

50Aleksann debat, li goumen jouk solèy kouche. Tansèlman jou sa a, yo touye Demetriyis.

Aleksann marye ak Kleopat

51Lè sa a, Aleksann voye anbasadè bò kote Toleme, wa peyi Lejip la, ak mesay sa a:

52— Kounyeya, men mwen tounen nan peyi m'ap kòmande a, mwen chita nan plas mwen sou fòtèy zansèt mwen yo. Mwen pran pouvwa a nan men mwen. Mwen kraze Demetriyis, tout peyi a nèt anba kontwòl mwen.

53Mwen fè lagè ak Demetriyis, mwen bat li byen bat ansanm ak tout lame li a. Mwen chita sou fòtèy wa ki te pou li a.

54Annou pase kontra pou nou zanmi yonn ak lòt. W'a ban m pitit fi ou la pou madanm, konsa m'a bofi ou. M'a bay ni ou ni pitit fi ou la kado ki koresponn ak pozisyon nou.

55Wa Toleme reponn li konsa:

— Se te yon bèl jou lè ou te tounen nan peyi zansèt ou yo pou ou te ka moute chita wa sou fòtèy yo a.

56Mwen dakò ak sa ou voye di m lan. Men tansèlman, se pou ou desann vin jwenn mwen lavil Tolemayis. Se la n'a kontre pou nou ka fè konesans. Lè sa a, m'a ba ou pitit fi mwen an pou madanm jan ou di l la.

57Toleme leve, li pati kite peyi Lejip ansanm ak Kleopat, pitit fi li a. Se te nan lanne sanswasannde (162). Yo rive lavil Tolemayid

58kote wa Aleksann vin jwenn yo. Toleme bay Aleksann pitit fi li, Kleopat, pou madanm. Yo fè bèl nòs lavil Tolemayid ak gwo resèpsyon, jan wa yo konn fè l la.

Aleksann nonmen Jonatan gouvènè peyi Jide

59Apre sa, Aleksann ekri yon lèt voye bay Jonatan pou mande l vin jwenn li.

60Jonatan moute lavil Tolemayid ak tout kòtèj moun li yo. Li kontre ak de wa yo. Li ba yo ajan ak lò, li fè konseye ki te la ak yo kado anpil bagay tou. Sa te fè kè tout moun kontan avè l.

61Men, te gen kèk voryen nan pèp Izrayèl la, jwif ki te vire do bay sèvis Bondye yo, ki te moute yon konplo pou yo vin pote plent bay wa a sou do Jonatan. Men, wa a pa okipe yo menm.

62Li bay lòd pou yo bay Jonatan bèl rad wouj vyolèt pou li mete sou li, pou li wete rad òdinè ki te sou li yo. Yo fè sa wa a mande yo fè a.

63Apre sa, wa a fè Jonatan vin chita bò kote l. Epi li mande gwo chèf k'ap sèvi l yo pou yo sòti al pwonmennen ansanm ak Jonatan nan tout lavil la, epi pou yo fè tout moun konnen pèsonn pa gendwa vin pote plent pou li, ni chache l kont pou anyen.

64Lè voryen yo wè kantite bèl bagay wa a t'ap fè pou Jonatan, lè yo tande piblikasyon an, lè yo wè bèl rad wouj vyolèt ki te sou li yo, yo kouri al fè wout yo.

65Wa Aleksann mete non Jonatan nan lis pi bon zanmi l yo. Lèfini, li nonmen l chèf nan lame l la ak gouvènè pwovens Jide a. Se te yon bèl onè pou Jonatan.

66Se konsa Jonatan tounen lavil Jerizalèm ak kè poze. Li te kontan anpil.

Demetriyis De antre nan koze a

67Nan lanne sanswasannsenk (165), Demetriyis, pitit wa Demetriyis la, sòti lil Krèt, li debake nan peyi zansèt li yo.

68Lè wa Aleksann vin konn sa, sa te kontrarye l anpil, li tounen lavil Antyòch.

69Demetriyis nonmen Apoloniyis gouvènè Gran Siri a ankò. Apoloniyis rasanble yon gwo lame, li vin moute kan li lavil Jamnya, epi li voye mesay sa a bay Jonatan, granprèt la:

70— Se ou menm sèl k'ap kenbe tèt avè m. Ou fè moun ap pase m nan betiz, y'ap pran m pou jwèt. Poukisa se nan mòn ou rete pou derespekte otorite m?

71Si ou gen konfyans nan fòs lame ou la, desann vin jwenn nou nan plenn yo pou nou ka twoke kòn yonn ak lòt, paske mwen gen fòs lavil yo dèyè m.

72Pran enfòmasyon. Chache konnen kimoun mwen ye, kimoun moun k'ap mache avè m yo ye. Y'a di ou ou p'ap ka kenbe tèt avè nou, paske an de fwa nou fè moun ki te la anvan ou yo kouri kraze rak nan pwòp peyi yo a.

73Ou menm tou kounyeya, ou p'ap ka kenbe tèt ak sòlda kavalye mwen yo, ni ak gwo lame tankou pa m lan si ou desann nan plenn yo kote pa gen ni gwo wòch ni ti wòch gravye pou kache kò ou dèyè yo, ni ankenn kote pou ou kouri chape poul ou.

74Lè Jonatan pran konesans mesay Apoloniyis te voye ba li a, li move anpil. Li pran dimil (l0.000) sòlda avè l, li pati, li kite lavil Jerizalèm. Simon, frè l la, vin jwenn li ak yon lame pou ranfòse lame pa li a.

75Jonatan moute kan li devan lavil Jope. Moun lavil Jope yo te refize louvri pòtay lavil la ba l antre pase paske te gen yon ganizon sòlda Apoloniyis deja nan lavil la. Men, lè Jonatan atake lavil la,

76moun yo vin pè, yo louvri pòtay yo ba li. Se konsa Jonatan pran lavil Jope pou li.

77Lè Apoloniyis vin konn sa, li pran twamil (3.000) kavalye ak yon gwo lame sòlda apye, epi li pran direksyon lavil Azòtòs tankou si se la li ta vle pase. Men, li te gen konfyans nan gwo kantite kavalye l yo, li chankre ak yo, li antre nan plenn lan.

78Jonatan rapousib li jouk lavil Azòtòs kote de lame yo kontre. Yo mare batay.

79Men, Apoloniyis te kite mil (1.000) kavalye kache pou atake Jonatan sou dèyè.

80Jonatan te gentan mare batay bò lavil Azòtòs lè li wè Apoloniyis te pare yon anbiskad sou dèyè pou li. Lènmi te sènen lame li a toupatou, yo t'ap voye yon lapli flèch sou yo depi nan maten jouk aswè.

81Men, lame jwif yo kenbe tèt jan Jonatan te ba yo lòd la, jouk kavalye lènmi yo konmanse bouke.

82Lè sa a, Simon antre nan batay la avèk sòlda pa li yo, li atake lènmi yo. Kavalye yo pa te kapab ankò, yo te bouke nèt, kifè sòlda Simon yo kraze lènmi yo ki pran kouri met deyò.

83Kavalye yo gaye nan tout plenn lan, yo kouri ale lavil Asdòd kote y'al kache nan tanp Dagon, bondye yo a.

84Men, Jonatan mete dife nan lavil Asdòd ak nan tout ti bouk ki bò kote l yo. Li piye yo byen piye. Li met dife nan tanp Dagon an, li boule dènye moun ki te al kache kò yo ladan l lan.

85Jou sa a, te gen witmil (8.000) moun konsa antou ki te mouri, lè ou konte ni sa yo te touye nan batay la ni sa ki te mouri boule nan dife a.

86Apre sa, Jonatan pati, l'al moute kan li lavil Askalon, kote moun yo sòti vin resevwa l. Yo fè gwo fèt pou li.

87Lèfini, li tounen lavil Jerizalèm ansanm ak sòlda li yo chaje ak yon kantite bagay yo te pran nan men lènmi yo.

88Lè wa Aleksann pran nouvèl tou sa Jonatan te fè, li ba li yon pi gwo pozisyon toujou ak anpil onè.

89Li voye ba li yon zepenng agraf an lò yo te konn bay moun ki pote non Fanmi Wa a. Li ba li lavil Ekwon an tou ansanm ak tout zòn ki bò kote l la.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help