1Lè tout wa peyi Amori yo ki te rete jouk jòdi a.
10Antan Egz 12.6; Nonb 9.5 pèp Izrayèl la te rete Gilgal nan plenn ki toupre lavil Jeriko, yo fete Fèt Delivrans lan nan aswè katòzyèm jou premye mwa a.
11Nan denmen Fèt Delivrans lan, yo manje manje yo rekòlte nan peyi a: grenn ble griye ak pen kwit san ledven.
12Apre Egz 16.35 sa, lamàn lan sispann tonbe. Depi lè sa a, pèp Izrayèl la pa jwenn lamàn pou yo manje ankò. Pandan tout lanne a yo manje manje yo te rekòlte nan peyi Kanaran an.
Fasafas Jozye ak kòmandan an chèf lame Senyè a13Yon Jen 18.2; 32.24; Egz 23.20; Nonb 22.23,31; 1 Kwo 21.16; Tra 1.10 jou, antan Jozye te toupre lavil Jeriko a, li rete konsa, li wè yon nonm kanpe devan l avèk yon nepe nan men l. Jozye mache sou li, epi li mande l:
— Ou se yonn nan moun pa nou yo osinon yon lènmi?
14Nonm Jen 17.3 lan reponn li:
— M'pa ni yonn ni lòt. Mwen se kòmandan chèf lame Senyè a. Mwen fèk rive.
Jozye tonbe ajenou devan li, li bese tèt li jouk atè, li di li konsa:
— Se sèvitè ou mwen ye, mèt. Kisa ou vle m'fè pou ou?
15Kòmandan Egz 3.5; Tra 7.33 chèf lame Senyè a di li konsa:
— Dechose ou. Kote ou kanpe a, se yon kote ki apa pou Bondye.
Epi Jozye fè sa li di li fè a.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.