Danyèl 7 - 1998 Haitian Creole

VIZYON DANYÈL YO(7—12)Vizyon kat bèt yo

1Nan menm lanne Bèlchaza te moute wa peyi Babilòn, Danyèl fè yon rèv, li wè yon vizyon antan li t'ap dòmi sou kabann li. Apre sa, li kouche tou sa li te wè nan rèv la sou papye. Men sa li te ekri a:

2— Jou Rev 7.1 lannwit sa a, mwen fè yon vizyon. Mwen wè kat gwo van yo t'ap soufle, yo t'ap boulvèse gwo lanmè a.

3Kat Rev 13.1 gwo bèt moute sòti nan lanmè a, yonn pat sanble lòt.

4Premye bèt la te sanble ak yon lyon, men li te gen de gwo zèl tankou malfini. Antan m'ap gade l konsa, yo rache zèl li yo. Yo leve l, yo fè l kanpe tankou yon moun sou pat dèyè l yo. Lèfini, yo fè li gen lespri tankou moun.

5Dezyèm Da 2.39 bèt la te sanble ak yon lous ki te kanpe panche sou yon bò. Li te gen twa zo kòt nan bouch li. Yon vwa pale avè l, li di l konsa:

— Annou wè! Manje vyann mezi ou kapab.

6Antan Rev 13.2 m'ap gade toujou, yon lòt bèt parèt. Li te sanble ak yon leyopa, men li te gen kat zèl sou do li, tankou zèl zwazo. Li te gen kat tèt tou. Yo te ba li pouvwa sou tout bagay.

7Antan Rev 12.3; 13.1 m'ap gade toujou nan vizyon mwen t'ap fè jou lannwit sa a, yon katriyèm bèt parèt. Li te sovay anpil. Depi ou gade l se pou ou pè. Li te gen anpil fòs avèk gwo dan an fè.

Li t'ap manje tou sa ki tonbe anba bouch li, li kraze yo ak dan li, li pilonnen rès la anba pye l. Li pat sanble menm ak twa lòt bèt ki te parèt anvan l yo. Li te gen dis kòn.

8Antan Rev 13.5,6 m'ap gade kòn yo konsa, mwen wè yon lòt ti kòn tou piti k'ap pouse nan mitan yo. Li rache twa nan kòn ki te la deja yo. Ti kòn sa a te gen je tankou moun ak yon bouch ki t'ap di tout kalite pawòl awogan pou joure Bondye.

Vizyon moun depi nan tan lontan

9Mwen 1 Wa 22.19; Sòm 90.2; Eze 1.16; 10.9; Mat 19.28; 28.3; Rev 1.14; 20.4 t'ap gade toujou, mwen wè yo ranje yon bann fòtèy. Yon granmoun ki te la depi nan konmansman vin chita sou yonn nan fòtèy yo. Rad ki te sou li a te blan kou koton. Cheve nan tèt li te tankou lenn mouton byen pwòp. Fòtèy li a te tankou flanm dife, li te moute sou wou ki te tankou chabon dife tou limen.

10Dife Sòm 50.3; Eb 12.22; Rev 5.11; 11.18; 20.12 t'ap koule sòti nan fòtèy la devan li tankou yon larivyè. Te gen mil milye moun la ki t'ap sèvi l. Te gen dimil milyon moun kanpe la devan l. Tribinal la te pare pou jijman an. Yo louvri liv yo.

11Antan Rev 13.5,6; 19.20; 20.10 mwen t'ap gade, mwen tande vwa ti kòn lan ki t'ap pale byen fò avèk awogans. Antan m'ap gade konsa, yo touye katriyèm bèt la, yo pran kadav li, yo voye l nan dife a, li boule nèt.

12Yo wete tout otorite nan men lòt bèt yo, men yo kite yo vivan pou yon ti tan ankò.

13Nan Mak 13.26; 14.62; Jan 5.27; 12.34; Rev 1.7,13; 14.14 menm vizyon mwen t'ap fè lannwit lan, mwen wè yon fòm ki te sanble ak yon moun. Li t'ap vini sou tèt nyaj yo nan syèl la. Li pwoche bò granmoun ki te la depi nan konmansman an. Yo prezante l ba li.

14Yo Sòm 110.1,2; Eza 9.6,7; Da 2.44; Mat 11.27; 28.18; Lik 1.33; Rev 11.15 ba li baton kòmandan an, yo ba li pouvwa ak otorite pou tout pèp sou latè, pou tout peyi, pou moun tout ras ki pale tout lang sèvi li. L'ap kòmande pou tout tan. Gouvènman li p'ap janm fini.

Men esplikasyon vizyon yo

15Mwen menm Danyèl, lè m wè tout bagay sa yo, tèt mwen te boulvèse. Vizyon yo te fè m pè anpil.

16Mwen pwoche bò yonn nan moun ki te kanpe la yo, mwen mande l pou l fè m konprann tout bagay sa yo. Se konsa li esplike m yo.

17Li di m konsa:

— Kat gwo bèt sa yo, se kat wa ki gen pou parèt sou latè.

18Men, Mat 25.34; 1 Kor 6.2; Rev 2.26; 20.4; 22.5 moun k'ap viv pou Bondye ki anwo nan syèl la pral resevwa gouvènman an nan men yo. Y'ap kenbe l pou tout tan tout tan.

19Apre sa, mwen te vle konnen plis sou katriyèm bèt la ki pat tankou twa premye yo, bèt ki te move anpil la, avèk dan an fè l yo ak grif an kwiv li yo, bèt ki t'ap manje tou sa ki te tonbe anba bouch li, ki t'ap kraze yo ak dan l, ki t'ap pilonnen rès yo anba pye l.

20Mwen te vle plis esplikasyon sou dis kòn ki te sou tèt li yo ak sou ti kòn ki te parèt apre a epi ki te fè twa nan lòt kòn yo tonbe. Ti kòn sa a te gen je tankou moun ak yon bouch ki t'ap di tout kalite pawòl awogan pou joure Bondye. Li te parèt pi gwo pase tout lòt yo.

21Antan Rev 11.7; 13.7 m'ap gade konsa, mwen wè ti kòn lan pran fè lagè ak tout moun k'ap sèvi Bondye yo. Li fè yo soumèt devan li.

22Lè sa a, granmoun ki te la depi nan konmansman an parèt. Li rann jijman an favè moun k'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. Jou a te rive pou pèp Bondye a te resevwa pouvwa a nan men yo.

23Men esplikasyon moun lan te ban mwen:

— Katriyèm bèt la, se katriyèm gouvènman ki pral gen sou latè. Li p'ap tankou lòt yo. Li pral devore tout moun sou latè, l'ap pilonnen yo anba pye l, l'ap kraze yo.

24Dis kòn yo, Rev 17.12 se dis wa ki pral alatèt gouvènman sa a. Apre yo, ap gen yon lòt wa ki p'ap tankou lòt yo. L'ap jete twa nan wa yo.

25L'ap Da 11.36; 12.7; Rev 12.14 pale Bondye ki anwo nan syèl la mal, l'ap malmennen moun k'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. L'ap fè lide chanje tout fèt ak tout prensip lalwa Bondye a. Pandan twazan sis mwa, l'ap kenbe pèp Bondye a anba men l.

26Apre Da 7.10 sa, tribinal la va reyini pou rann jijman an. L'a wete pouvwa a nan men l, l'ap kraze l nèt, li p'ap janm chèf ankò.

27Y'ap Da 2.44; Rev 11.15 pran pouvwa, otorite ak gouvènman tout gwo peyi ki sou latè yo, y'ap bay pèp k'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. Pèp sa a ap gouvènen tankou yon wa pou tout tan. Tout chèf sou latè pral sèvi li, y'ap obeyi li.

28Se Da 8.27; Lik 2.19,51 tou sa li te rakonte m. Mwen menm Danyèl, mwen te boulvèse anpil, mwen chanje koulè. Mwen kenbe tout bagay sa yo nan kè m.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help