Ezayi 49 - 1998 Haitian Creole

Sèvitè Bondye a limyè tout nasyon

1Nou menm ki rete nan zile yo, koute sa nan sid.

13Se Eza 40.1 pou syèl la kontan! Se pou tè a fè fèt!

Se pou mòn yo rele tèlman yo kontan!

Paske Senyè a pral bay pèp li a kouray,

l'ap gen pitye pou pèp li a ki nan lapenn.

14Men, Eza 40.27; 54.6 pèp lavil Jerizalèm lan t'ap di:

— Senyè a lage nou. Mèt la bliye nou.

15Senyè a Sòm 27.10 reponn:

— Eske yon manman ka bliye pitit l'ap bay tete?

Eske li ka pa sansib pou pitit ki soti nan zantray li?

Menm si yon manman ta rive bliye pitit li,

mwen menm, mwen p'ap janm bliye nou!

16Non Kan 8.6 nou tanpe nan plamen mwen.

Nou pa janm soti nan lespri mwen.

17Men moun yo ki pral rebati lavil la ap vini!

Moun yo ki t'ap kraze nou yo, ki t'ap piye nou yo, y'ap met deyò.

18Senyè a Nonb 14.21; Eza 60.4; Jer 43.12 di: - Voye je nou toupatou, gade sa k'ap pase.

Tout moun nou yo ap rasanble, y'ap vin jwenn nou.

Mwen sèmante sou vi m':

Nou pral kontan wè yo lakay nou,

Se va tankou lamarye kontan lè bèl rad nòs li sou li.

Se Senyè a menm ki di sa.

19Peyi Zak 10.10 nou an te fin kraze.

Peyi a te fin ravaje.

Men, kounyeya li pral twò piti pou kantite moun k'ap rete ladan l.

Paske moun ki t'ap fini ak peyi a,

yo pral voye yo jete byen lwen nou.

20Yon Eza 54.1 lè, pitit nou te kwè ki te pèdi nèt yo,

n'a tande yo ap pale nan zòrèy nou, y'a di nou:

Peyi a twò piti pou nou. Ban nou kote pou nou rete.

21Lè sa a, n'a di nan kè nou!

— Kilès ki te fè tout pitit sa yo pou nou?

Nou te pèdi tout pitit nou yo. Nou pat kapab fè pitit ankò.

Yo te depòte nou, yo te vire do ban nou.

Ki moun ki te elve tout pitit sa yo pou nou?

Nou te pou kò nou. Kote yo sòti menm?

22Men Eza 11.12; 14.2 sa Senyè a, Bondye a, di ankò:

M'ap fè nasyon yo siyon ak men m.

M'ap leve drapo m pou m avèti pèp yo.

Se yo menm ankò ki pral pran pitit gason nou yo sou do yo,

k'ap mete pitit fi nou yo sou zepòl yo pou mennen yo tounen lakay nou.

23Wa Sòm 25.3; 72.9; Eza 60.3,14,16 yo pral tankou papa pou nou.

Pitit fi wa yo pral sèvi nou nouris.

Y'ap ajenou devan nou, y'ap bese tèt yo jouk atè,

Y'a niche pousyè ki nan pye nou.

Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Senyè a.

Moun ki mete tout espwa yo nan mwen p'ap janm wont.

24Eske Mak 3.27 ou ka wete nan men yon vanyan gason bagay li pran nan lagè?

Eske ou ka lage prizonye ki anba men gwo chèf?

25Men sa Senyè a reponn: Wi! Yo ka wete nan men yon vanyan sòlda sa li pran nan lagè.

Yo ka lage prizonye ki anba men yon gwo chèf.

M'ap goumen pou nou ak tout moun k'ap fè nou lagè.

M'a delivre pitit nou yo.

26Moun Rev 16.6 k'ap fè nou pase tray yo, m'ap fè yo yonn manje lòt.

Y'ap bwè pwòp san yo jouk y'a sou tankou moun ki bwè diven.

Lè sa a, tout moun va konnen se mwen menm, Senyè a, k'ap sove nou.

Se mwen menm, Bondye fanmi Jakòb la, Bondye ki gen pouvwa a, k'ap delivre nou.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help