1 Wa 17 - 1998 Haitian Creole

Pwofèt Eli anonse yon gwo chechrès

1Yon pwofèt yo te rele Eli, moun lavil ni Eli, yo tout jwenn manje pou yo manje.

16Te toujou gen farin frans nan ti bòl la ak lwil oliv nan ti boutèy la, jan Senyè a te mete pawòl la nan bouch pwofèt Eli.

Eli fè pitit gason vèv la reviv

17Kèk tan apre sa, pitit gason metrès kay la tonbe malad. Maladi a vini pi mal sou li jouk li mouri.

18Madanm 2 Wa 4.9; Lik 5.8 lan di Eli konsa:

— Sèvitè Bondye, poukisa ou fè m sa? Ou vin lakay mwen pou fè Bondye chonje peche m yo, pou fè pitit gason m lan mouri.

19Eli reponn:

— Ban m pitit la.

Li pran ti gason an nan men manman l, li moute avè l nan pyès chanm anwo kay la kote li te rete a, li mete l kouche sou kabann li.

20Apre sa, li lapriyè, li di:

— Senyè, Bondye mwen, poukisa pou ou fè vèv sa a tout lapenn sa a? Li resevwa m lakay li, men w'ap pran pitit li.

21Eli 2 Wa 4.34,35; Tra 20.10 kouche twa fwa sou pitit la, li lapriyè. Li di:

— Senyè, Bondye mwen, tanpri, bay pitit la lavi ankò.

22Senyè a koute lapriyè Eli a, li bay pitit la lavi ankò. Ti gason an rekonmanse pran souf.

23Eli Lik 7.15; Eb 11.35 pran ti bway la, li desann anba avè l, li renmèt li bay manman l, li di l:

— Gade! Ti gason ou lan vivan!

24Madanm Jan 3.2 lan reponn:

— Kounyeya mwen wè se yon sèvite Bondye ou ye vre. Pawòl nan bouch ou se pawòl Bondye vre.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help