1Mwen santi pouvwa Senyè a sou mwen W'a di li men mesaj Senyè sèl Mèt la voye ba li: Vini non! Soti nan kat kwen. Soufle sou tout mò yo. Fè yo yo tounen vivan ankò.
10Se Rev 11.11 konsa, mwen bay mesay la, jan li te ban m lòd la. Souf la antre nan kadav yo, yo vin vivan ankò, yo kanpe sou de pye yo. Te gen anpil anpil moun, kont pou fè yon gwo lame.
11Bondye Eza 49.14; Eze 33.10 di mwen:
— Ras Adan! Moun pèp Izrayèl yo tankou zosman sa yo. Y'ap di: Nou fin deperi, nou pa gen espwa ankò. Nou fini nèt.
12Se Eza 26.19; Eze 36.24; Oze 13.14 poutèt sa, ba yo mesay sa a. Di yo konsa: Men sa mwen menm Senyè sèl Mèt la voye di yo: Mwen pral louvri tonm yo. Mwen pral fè yo sòti ladan yo, m'ap mennen yo tounen nan peyi Izrayèl la.
13Wi, m'a louvri tonm kote pèp mwen an te antere a, m'a fè yo sòti nan tonm yo. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Senyè a.
14M'ap Eze 36.27,28 mete souf mwen nan yo, m'ap fè yo tounen vivan ankò. M'ap fè yo tounen nan peyi pa yo a. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm Senyè a ki pale. Sa m te di m'ap fè a, m'ap fè l vre. Se Senyè a menm ki di sa.
Jida ak Izrayèl pral fè yonn ankò15Senyè a pale avè m ankò, li di m konsa:
16— Ras Jen 48.13,14; Nonb 17.2; 2 Kwo 11.12-16; Zak 10.6 Adan! Pran yon moso bwa. Ekri sou li: Jida ak moun Izrayèl k'ap mache avè li yo. Lèfini, pran yon lòt moso bwa. Ekri sou li: Jozèf osinon Efrayim ak tout moun pèp Izrayèl k'ap mache avè l yo.
17Pran Eza 11.13 de moso bwa yo, kole yo bout an bout, kenbe yo yon jan pou yo parèt tankou si se yon sèl bout bwa ou gen nan men ou.
18Lè Eze 24.19 moun pèp ou yo va mande ou: Manyè di nou sa sa vle di.
19W'a di yo: Men sa Senyè sèl Mèt la voye di nou: Mwen pral pran bout bwa ki kanpe pou Jozèf osinon Efrayim ansanm ak branch fanmi Izrayèl k'ap mache ak li yo, m'ap mete l ansanm ak bout bwa Jida a. M'ap fè yo fè yon sèl bout bwa. Epi, m'ap kenbe yo nan men mwen.
20Kenbe de bout bwa yo nan men ou pou tout pèp la ka wè yo.
21Lèfini, Eze 36.24 w'a di yo: Men sa Senyè sèl Mèt la voye di yo: Mwen pral mache chache dènye moun pèp mwen an nan mitan tout nasyon kote yo te ale a. M'ap sanble yo sòti toupatou, m'ap mennen yo tounen nan peyi pa yo a.
22M'ap Jer 3.18; Eze 34.24; 35.10; Oze 1.11 fè yo tounen yon sèl pèp nan peyi a ankò, sou mòn Izrayèl yo. Yo pral gen yon sèl wa pou gouvènen yo. Yo p'ap fè de peyi ankò. Yo p'ap fè de gouvènman ankò.
23Yo Eze 14.11; 36.25 pa pral avili tèt yo ankò nan fè sèvis pou zidòl, nan fè bagay derespektan devan Bondye, nan fè sa yo pat gendwa fè. M'ap delivre yo anba tout zidòl ki te fè yo vire do ban mwen an, ki te fè yo fè peche a. M'ap mete yo nan kondisyon pou yo ka sèvi m ankò. Y'ap tounen yon pèp ki rele m pa m. Mwen menm, m'ap Bondye yo.
24Yon Sòm 78.70,71; Jer 23.5; Eze 34.23; 36.27 wa, tankou David, sèvitè m lan, va chèf yo. Yo tout pral fè yonn anba yon sèl gadò. Y'a mache dapre lòd mwen ba yo, y'a fè tou sa mwen mande yo fè, y'a kenbe prensip mwen yo.
25Y'ap Eza 60.21; Eze 28.25; 34.24; Jowèl 3.20; Jan 12.34 rete nan peyi mwen te bay Jakòb, sèvitè m lan, peyi kote zansèt yo te viv la. Yo pral viv la pou tout tan, yo menm, pitit yo ak pitit pitit yo pou tout tan. Se yon wa, tankou David, sèvitè m lan, ki pral gouvènen yo pou tout tan gentan.
26M'ap Eza 55.3; Eze 34.25; 36.10; 43.7 pase yon kontra ak yo k'ap garanti yo lavi ak kè poze pou tout tan. M'ap mete yo kanpe ankò, m'ap fè yo peple. M'ap fè kay ki apa pou mwen an toujou rete la nan mitan yo.
27Se Lev 26.11; 2 Kor 6.16; Rev 21.3 la m'ap viv avèk yo. Se mwen menm k'ap Bondye yo. Yo menm, se pèp ki rele m pa m lan y'ap ye.
28Wi, m'a fè kay ki apa pou mwen an toujou rete la nan mitan yo. Lè sa a, lòt nasyon yo va konnen se mwen menm, Senyè a, ki te chwazi pèp Izrayèl la pou l te ka viv apa pou mwen.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.