1Mwen se yon nonm ki konnen mizè moun Jer 20.18 gen pou pase
lè Bondye ankòlè sou yo, lè Bondye ap pini yo.
2Li Eza 5.30 trennen m, li fè m mache nan fènwa
san yon ti limyè pou klere m.
3Tout lajounen, l'ap plede bat mwen san rete.
4Po Sòm 51.8; Eza 38.13 kò m fin chire, vyann mwen parèt deyò konsa.
Li kraze tout zo nan kò m.
5Li fèmen m nan yon koridò mizè ak lafliksyon.
6Li Sòm 143.3 fè m' rete nan fènwa tankou moun ki mouri depi lontan lontan yo.
7Li Sòm 88.8 moute yon miray, li fèmen kote m ye a, m pa ka chape.
Li mare m ak gwo chenn.
8Tout Jòb 30.20; Sòm 22.2 rele mwen rele byen fò,
pèsonn p'ap tande m.
9Li simen gwo wòch toupatou sou wout mwen.
Kote m vire, chak pa mwen fè, m bite.
10Tankou Oze 13.8 yon lous, li biske kò l, l'ap veye m.
Tankou yon lyon, li kache, l'ap tann mwen.
11Li fè m tonbe nan bwa.
Li filange tout kò m.
Lèfini, li lage m.
12Li Jòb 16.12 mete flèch nan banza li, li vize.
Se sou mwen l'ap voye yo.
13Li Jòb 6.4 fè flèch li yo antre fon nan kò m.
14Tout Jòb 30.9; Jer 20.7 moun nan peyi a ap pase m nan betiz.
Se toutan y'ap fè chante sou mwen.
15Li Jer 9.15 plen vant mwen ak manje anmè kou fyèl.
Li fè m bwè labsent jouk mwen sou.
16Li Pwo 20.17; Jer 6.26 fwote tout figi m atè, li fè m kase dan m nan wòch.
17Mwen pa konn sa yo rele kèpoze.
Mwen bliye gou kè kontan.
18Mwen di: M pa gen lontan pou m viv ankò.
M pèdi tout espwa mwen te gen nan Bondye.
L'ap mande Bondye kouray19Lè m chonje nan ki mizè mwen ye,
jan m'ap mache pwonmennen san rete,
se tankou yon labsent, yon fyèl m'ap vale.
20Wi, lè m chonje sa, kè m sere, m santi kè m ap rache
21Men sa m'ap repase nan tèt mwen, Men sa ki ban mwen tout espwa:
22Sous Mal 3.6 bonte Senyè a p'ap janm teri.
Mizerikòd li poko janm bout.
23Li Sòm 36.5 renouvle yo chak maten
Ala kenbe ou konn kenbe pawòl ou, Senyè!
24Mwen Sòm 16.5 di: Se Senyè a ki tout mwen.
Se nan li mwen mete tout espwa m.
25Senyè a Sòm 130.6; Eza 30.18 bon pou tout moun ki mete konfyans yo nan li,
pou moun k'ap konte sou li.
26Sa Mi 7.7 bon pou nou rete dousman
ap tann li vin delivre nou.
27Sa Ekl 12.1; Mat 11.29 bon pou nou aprann sipòte depi nou tou jenn.
28Lè Bondye ap manyen ak nou,
ann chita pou kont nou san di anyen.
29Nou Jòb 42.6 pa bezwen plenyen.
Nou pa janm konnen, ka gen espwa toujou.
30Se Eza 50.6; Mat 5.39 pou n pare figin pou n pran souflèt.
Se pou n asepte tou sa yo fè nou.
31Bondye Sòm 103.9 sèl Mèt la p'ap janm lage nou nèt.
32Li Sòm 103.9; 106.45 ka fè nou lapenn, men l'ap gen pitye pou nou
paske li renmen nou anpil.
33Li Eb 12.6-11 pa pran plezi nan fè nou soufri,
ni nan ban nou lapenn.
34Atò, se konnen Senyè a, Bondye sèl Mèt la, pa konnen
lè y'ap kraze prizonye anba baton,
35lè Aba 1.13 yo derefize rekonèt dwa Bondye ban nou,
36lè y'ap bay move jijman nan tribinal!
Atò, se konnen li pa konnen!
37Depi Pwo 19.21 Bondye Sèl Mèt la pale, se fini! Sa l di se sa k fèt.
38Tou Eza 45.7; Am 3.6 sa ki rive an byen osinon an mal,
se li menm ki penmèt sa.
39Lè Pwo 19.3 nou anba bwa pou peche nou yo
sa nou bezwen plenyen fè!
40Annou Jowèl 2.12,13 gade jan n'ap mennen bak nou!
Ann egzaminen byen jan n'ap viv la!
Lèfini, ann tounen vin jwenn Bondye!
41Ann Sòm 25.1 leve bra nou nan syèl la,
ann lapriyè nan pye l!
42Nou Da 9.5 peche, nou kenbe tèt avè ou!
Men, ou menm ou pa padonnen nou.
Bondye ap manyen avè n ankò43Ou move pi rèd, ou fann nan kò nou!
Ou te san pitye.
Ou touye nou.
44Ou vlope kò ou nan yon gwo nyaj nwa
pou lapriyè nou pa rive nan zòrèy ou.
45Ou 1 Kor 4.13 fè nou tounen yon depotwa, yon pil fatra
nan mitan lòt nasyon sou latè yo.
46Tout lènmi nou yo ap lave bouch yo sou nou.
47N'ap Eza 24.17; 51.19 viv ak kè sote, si se pa lanmò,
se gwo danje, se gwo malè!
48De je m yo ap ponpe dlo tankou larivyè,
lè m wè malè ki tonbe sou pèp mwen an!
49Dlo ap koule nan je m san rete.
Li p'ap janm sispann,
50jouk Eza 63.15 jou Senyè a va rete nan syèl la,
l'a voye je l gade, l'a wè!
51Wi, kè m fè m mal
pou m wè sa ki rive moun lavil mwen yo!
52Yon Sòm 35.19 bann moun pa vle wè m' san m'pa fè yo anyen.
Yo pran kouri dèyè m' tankou zwazo y'ap chache trape.
53Yo Jer 38.6,9,10; Da 6.17 lage m tou vivan nan yon twou.
Yo fèmen bouch twou a ak wòch.
54Dlo Sòm 69.2; 88.5; Eze 37.11 te prèt pou kouvri tèt mwen.
Mwen di: Fwa sa a m pran!
55Nan Sòm 130.1,2 twou kote m te ye a, Senyè, mwen rele ou!
56Ou tande vwa m. Tanpri, pa bouche zòrèy ou
lè m'ap lapriyè nan pye ou.
57Wi, Joz 1.9; Jak 4.8 lè m rele ou, ou pwoche.
Ou di m mwen pa bezwen pè!
58Bondye Sòm 119.154 Sèl Mèt, ou pran ka m an konsiderasyon.
Ou sove lavi m.
59Senyè, Sòm 35.22,23 ou wè tout lenjistis y'ap fè m.
Tanpri, defann kòz mwen.
60Ou Jer 11.19,20 wè jan yo sòti pou pwofite sou mwen,
jan y'ap fè konplo pou touye m.
61Senyè, ou tande jan y'ap joure m.
Ou konnen konplo y'ap fè sou do m.
62Tout lajounen, y'ap pale sou mwen,
y'ap fè plan.
63Gade Sòm 139.2 yo non! Depi maten jouk aswè
yo chita ap fè chante sou do m!
64Senyè, Sòm 28.4; 2 Tim 4.14 se pou ou pini yo pou tou sa yo fè.
65Madichonnen yo! Fè yo pèdi tèt yo!
66Move Jer 10.11 sou yo, Senyè! Pati dèyè yo!
Disparèt yo sou latè!
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.