Estè 9 - 1998 Haitian Creole

Jwif yo touye lènmi yo

1Trèzyèm jou nan douzyèm mwa a, mwa dapre yon mo ansyen ki vle di: chans.

Konsa, dapre sa ki te nan lèt Madoche te voye ba yo a, lèfini poutèt sa yo te wè ki te rive yo,

27jwif Eza 56.3,6 yo make dat sa a pou yo toujou fè fèt jou sa yo. Yo pran angajman pou yo, pou pitit yo ak pitit pitit yo, ak pou tout moun ki ta vle fè yo jwif, pou chak lanne lè de jou sa yo rive pou yo toujou fè fèt jan Madoche te ekri l la.

28Yo bay lòd pou tout jwif yo, nan tout branch fanmi, nan tout lavil, nan tout peyi toujou chonje jou sa yo pou yo fè gwo fèt lè sa a, depi sa ki la kounyeya jouk ras la va kaba. Se pou jwif yo make jou chans sa yo, pou yo pa janm bliye yo, lèfini pou pitit pitit yo ka toujou chonje jou sa yo.

29Apre Estè 8.10 sa, larenn Estè, pitit fi Abikayil la, mete tèt ansanm ak Madoche, li ekri yon lèt pou di jan li dakò. Se konsa, li bay premye lèt Madoche te ekri sou jou chans sa yo plis fòs toujou.

30Yo Estè 1.1; 8.9 voye lèt la bay tout jwif nan sanvennsèt (127) pwovens peyi wa Asyeris la. Lèt la te mande pou jwif yo te viv ak kè poze san fè kont.

31Lèfini, Estè 4.3 li mande yo pou ni yo ni pitit yo, ni pitit pitit yo, pou yo toujou fete jou chans sa yo lè dat la rive, jan Madoche ak larenn Estè te bay lòd la, menm jan yo te swiv lòd yo te bay pou fè jèn epi pou yo te leve men yo nan syèl pou plenn sò yo.

32Yo pran lèt larenn Estè te ekri pou bay regleman jou chans sa yo plis fòs la, yo ekri l nan liv la.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help