1Bon konprann yon fanm fè kay li mache
18Moun san konprann aji tankou moun fou. Men, rekonpans moun ki gen lespri se konesans.
19Move Jen 42.6 moun gen pou wete chapo devan bon moun. Moun mechan gen pou bese tèt devan moun k'ap mache dwat yo.
20Lè Pwo 19.4,7 ou pòv, ou pa gen zanmi. Lè ou rich, ou plen zanmi.
21Se Sòm 41.1; Pwo 11.12 yon peche ou fè lè ou meprize frè parèy ou. Men, ala bon sa bon pou moun ki gen pitye pou pòv malere!
22Lè w'ap chache fè sa ki mal, ou pèdi chemen ou. Men, lè w'ap chache fè sa ki byen, moun ap toujou renmen ou, yo p'ap janm lage ou.
23Travay, w'a jwenn tou sa ou bezwen. Rete chita ap pale anpil ap rann ou pòv.
24Rekonpans moun ki gen konprann se konesans. Moun san konprann ap toujou aji tankou moun sòt.
25Lè Pwo 14.5 yon temwen di laverite, li sove lavi inonsan. Lè li bay manti, li twonpe jij yo.
26Lè Sòm 14.6; Pwo 1.33 yon moun gen krentif pou Bondye, li gen kote pou l apiye. Pitit li yo ap jwenn pwoteksyon bò kote Bondye.
27Gen Pwo 13.14 krentif pou Bondye, w'a gen lavi. Ou p'ap tonbe lè lavi ou an danje.
28Tout 1 Wa 4.20 pouvwa yon wa, se lè peyi l'ap kòmande a gen anpil moun. Men, lè pa gen moun nan peyi a, wa a pa vo anyen.
29Moun Pwo 15.18; 16.32; 19.11; Ekl 7.9; Jak 1.19 ki pa fè kòlè fasil, se moun ki gen bon konprann. Men, moun ki gen san wo fè wè jan li sòt.
30Lè Pwo 12.4 ou gen kè ou poze, ou kenbe kò ou an sante. Men, anvye sò lòt moun se tankou yon maladi k'ap manje ou nan zo.
31Lè Pwo 17.5; 22.2; Mat 25.40,45 w'ap peze pòv malere, se Bondye ki fè l la w'ap derespekte. Men, lè ou aji byen ak pòv, se pi bèl sèvis ou ka rann Bondye.
32Mechanste Nonb 23.10; Jòb 19.25-27; Sòm 23.4 mechan an, se sa k'ap jete l atè. Men, moun ki fè sa ki byen, y'ap pwoteje l menm lè lavi l an danje.
33Moun ki gen konprann, se tout tan y'ap chache konnen. Men, moun sòt pa chache konnen anyen.
34Lè gen jistis nan yon peyi, sa leve peyi a. Men, peche lenjistis se yon wont pou yon nasyon.
35Wa a Pwo 16.13; Mat 24.45-47 kontan lè moun k'ap travay avè l yo fè travay yo byen. Men, l'ap move sou moun k'ap fè travay yo mal.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.