6(7) Lè Sòm 42.2; Pwo 4.18; Eza 40.31; 2 Kor 3.18 y'ap pase nan mitan Fon Sèk la,
yo fè l tounen yon kote ki plen sous dlo.
Anvan yon ti lapli tonbe, tout jaden bèl.
7(8) Plis Sòm 59.5 y'ap mache, se plis y'ap gen fòs.
Yo gen pou yo parèt devan Bondye sou mòn Siyon an.
8(9) Senyè, Sòm 3.3 Bondye ki gen tout pouvwa a, koute lapriyè mwen.
Bondye Jakòb la, panche zòrèy ou pou tande m.
9(10) Bondye, ou menm ki tout pwoteksyon nou,
voye benediksyon ou sou wa ou te chwazi pou nou an!
10(11) Yon Sòm 15.2; 34.9,10; Pwo 2.7; Eza 60.19,20; Mal 4.2; Rev 21.11,23 jou pase anndan lakay ou
pi bon pase mil jou pase nenpòt lòt kote.
Mwen ta pito rete kanpe nan papòt kay Bondye a
pase pou m ta rete anndan kay mechan yo.
11(12) Paske, Sòm 2.12 se Senyè a ki tout defans mwen,
se li menm k'ap pwoteje nou.
L'ap ban nou favè li,
l'ap fè yo respekte nou.
Lè yon moun ap mennen yon vi ki san repwòch,
Bondye p'ap janm refize l okenn bon bagay.
12(13) Bondye ki gen tout pouvwa,
ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans yo nan ou!
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.