Estè (Grèk) F - 1998 Haitian Creole

1 Madoche menm t'ap di konsa:— Se Bondye ki fè tout bagay sa yo pase konsa. 2 Mwen chonje kounyeya rèv mwen te fè sou levènman sa yo. Pa gen anyen nan rèv la ki pa rive vre: 3 Ti sous dlo ki te tounen gwo larivyè a, gwo limyè ki te parèt ansanm ak solèy la, ak gwo kantite dlo a. Gwo larivyè a se Estè ki rive marye ak wa a ki fè l larenn. 4 De gwo kayiman ak zèl yo, dragon yo, yonn se te mwen menm, lòt la se te Aman. 5 Lòt nasyon yo se moun ki te mete tèt yo ansanm pou disparèt jwif yo. 6 Nasyon pa m lan menm se pèp Izrayèl la ki te rele nan pye Bondye epi ki jwenn delivrans. Wi, Granmèt la delivre pèp li a vre! Granmèt la rache nou anba tout malè sa yo! Bondye fè mirak ak anpil mèvèy, bagay ki pa janm rive fèt lakay moun lòt nasyon yo. 7 Se poutèt sa Bondye te pare de chans, yonn pou pèp li a, yon lòt pou tout moun lòt nasyon yo. 8 Men de chans sa yo rive menm lè, menm kadè, menm jou kote Bondye tapral jije tout lòt nasyon yo. 9 Bondye chonje pèp li a, li chonje pèp Izrayèl la ki rele l pa l, li fè l jistis. 10 Konsa, se pou tout pèp Izrayèl la fete de jou sa yo, katòzyèm ak kenzyèm jou nan mwa Ada a. Se pou yo reyini pou yo fè kè yo kontan, pou yo fè gwo fèt devan Bondye. Se konsa pou yo toujou fè l de pitit an pitit nan mitan pèp Izrayèl la, pèp Bondye a.Dènye ti kòzman 11 Toleme ak Kleopat t'ap mache sou katran depi yo t'ap gouvènen lè Dezitòs ki te di se prèt li ye, yon moun Levi, vini ansanm ak Toleme pitit li, yo pote lèt sa a. Yo di se lèt ki te ekri sou jou chans yo. Se yon nonm yo rele Lizimak, pitit Toleme, k'ap viv lavil Jerizalèm ki te mete l nan lang grèk la.
Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help