Ezekyèl 28 - 1998 Haitian Creole

Mesay pou wa peyi Tir la

1Senyè a pale avè m ankò, li di m konsa:

2— Ras Mwen mete yon zanj cheriben avè ou pou pwoteje ou.

Se sou mòn ki apa pou mwen an ou te rete.

Ou mache nan mitan gwo dife.

15Depi jou Bondye kreye ou la,

ou pat fè anyen pou yo te fè ou repwòch,

jouk jou ou konmanse fè sa ki mal.

16Pou fè kòmès ou mache, ou lage kò ou nan mechanste. Ou fè peche.

Se konsa mwen mete ou deyò sou mòn ki apa pou mwen an.

Ou pat bon pou sèvis mwen ankò.

Zanj mwen te chwazi pou pwoteje ou la mete ou deyò nan mitan boul dife yo.

17Ou te wè jan ou te bèl, sa fè ou pèdi tèt ou.

Paske ou te rive nan yon bèl pozisyon, ou tanmen aji tankou moun fou.

Se poutèt sa mwen voye ou jete atè.

Mwen kite ou la devan lòt wa yo pou yo wè sa ki rive ou.

18Ou Am 1.10; Rev 18.8 sitèlman fè mechanste ak vis nan kòmès ou yo,

ou pa respekte ata tanp ou yo.

Mwen mete dife nan lavil ou yo. Yo boule nèt.

Tout moun ki t'ap gade ou yo wè ou tounen sann.

19Tout Eze 27.36 moun ki te konnen ou nan lòt peyi yo sezi,

yo pè pou sa ki rive ou la pa rive yo tou.

Ou fini, ou fini nèt.

Mesay pou lavil Sidon

20Senyè a pale avè m ankò, li di m konsa:

21— Ras Adan! Vire tèt ou gade nan direksyon lavil Sidon an. Denonse sa moun yo ap fè.

22W'a Egz 14.4; Eze 20.41; 39.13 di yo men mesay Senyè sèl Mèt la voye ba yo:

Nou menm, moun lavil Sidon, n'ap leve dèyè nou tou.

Apre sa mwen pral fè nou an, moun pral fè lwanj mwen,

y'a konnen se mwen menm ki Senyè a,

paske mwen pral pini moun ki rete nan lavil la.

Konsa, m'a fè moun wè se yon Bondye apa mwen ye.

23Mwen Eze 38.22 pral voye maladi sou yo.

San moun pral koule nan tout lari.

Lènmi ap sòti toupatou vin atake yo.

Moun pral mouri nan lavil la.

Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Senyè a.

Bondye ap delivre pèp Izrayèl la

24Senyè a Nonb 33.55; Eze 16.57 di ankò:

— Pèp Izrayèl la ap viv nan mitan yon bann nasyon ki pa vle wè l. Yo tankou pikan raje k'ap grafinyen l, men yo pral sispann ginyonnen l. Lè sa a, tout moun va konnen se mwen menm ki Senyè a, sèl Mèt la.

25Senyè Eze 11.17; 37.25 sèl Mèt la di ankò:

— Mwen pral ranmase moun pèp Izrayèl yo nan mitan tout nasyon kote m te gaye yo a, m'ap mennen yo tounen. Konsa, mwen pral fè tout nasyon yo wè se yon Bondye apa mwen ye. Moun pèp Izrayèl yo va rete nan peyi mwen te bay Jakòb, sèvitè m lan.

26Yo Eza 65.21; Am 9.14 pral viv nan peyi a san danje, san malè. Yo pral bati kay, y'ap plante jaden rezen. M'ap pini tout nasyon ki rete toupre yo epi ki pa vle wè yo. Pèp Izrayèl la menm ap viv san danje, san malè. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm, Senyè a, ki Bondye yo a.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help