Jòb 28 - 1998 Haitian Creole

Bon konprann Bondye

1 Gen min anba tè kote yo jwenn ajan.

Gen kote se la yo netwaye lò.

2Yo fouye tè pou jwenn fè.

Yo fonn wòch pou jwenn kwiv.

3Yo desann ak limyè anba tè, kote ki fè nwa anpil,

yo fouye byen fon nan vant latè, mezi yo kapab.

Y'al chache wòch ki kache kote ki fè nwa anpil la.

4Byen lwen, kote moun pa ka rete, kote moun pa janm mete pye yo,

moun ap fouye gwo koridò anba tè.

Y'ap travay pou kont yo, ak yon kòd pase nan ren yo,

y'ap balanse nan twou yo.

5Manje Sòm 104.14 sòti nan tè.

Men, nan zantray latè a dife fin debòde.

6Wòch latè a gen bèl pyè safi ladan l.

Nan pousyè a yo jwenn ti grenn lò.

7Koukou pa janm konnen chemen pou ale la.

Karanklou pa janm wè kote sa a ak je l.

8Ni Jòb 41.34 lyon, ni okenn lòt bèt nan bwa,

pa janm mete pye yo la.

9Yo Det 8.15; 32.13; Sòm 114.8 fouye nan wòch dife.

Yo fè gwo twou byen fon nan pye mòn yo.

10Yo fè gwo koridò byen long nan wòch yo.

Yo jwenn tout kalite bèl pyè bijou ki koute chè.

11Yo fouye nan sous tèt dlo yo tou.

Yo mete deyò tou sa ki te kache.

12Men, Ekl 7.24 kote nou ka jwenn konesans lan?

Kote bon konprann lan ye menm?

13Lèzòm pa konnen sa pou yo fè pou yo mete men sou li.

Yo pa jwenn li okenn kote sou latè.

14Fon lanmè a deklare li pa gen bagay konsa.

Lanmè a deklare bon konprann pa lakay li.

15Ou Pwo 3.14; 8.10,11,19; 16.16 te mèt gen lò, ou pa ka achte l.

Ou pa ka bay lajan pou ou genyen l.

16Li 1 Wa 9.28; Eza 13.12 gen plis valè pase lò peyi Ofi a.

Bèl pyè oniks ak safi pa ka parèt la.

17Yo pa ka konpare l ni ak lò ni ak bèl kristal.

Yo pa ka boukante l pou yon bèl veso fèt an lò.

18Pou Pwo 3.15; Eze 27.16 grenn koray ak wòch kristal menm, yo pa ka parèt la.

Pito ou al dèyè bon konprann pase ou ale dèyè bèl pyè lanbi.

19Topaz Egz 28.17; Eze 28.13 peyi Letyopi pa vo anyen devan l.

Pi bon lò a pa ka konpare ak bon konprann.

20Men, kote nou ka jwenn konesans lan?

Kote bon konprann lan ye menm?

21Pa gen moun, pa gen bèt ki ka wè l,

pa menm zwazo k'ap vole nan syèl la.

22Ata lanmò ak simityè di

se tande yo tande nonmen non l.

23Se Pwo 8.22-31 Bondye ase ki konn chemen an.

Se li ase ki konnen kote li rete.

24Paske Pwo 15.3; Zak 4.10 Bondye wè dènye bout latè.

Li voye je l, li gade tou sa ki anba syèl la.

25Lè Bondye t'ap bay van yo pèz yo,

lè li t'ap bay dlo lanmè a mezi kote pou l rive a,

26lè Jòb 38.25 li t'ap bay lòd kote pou lapli tonbe

ak chemen pou loray yo pran lè y'ap gwonde,

27se lè sa a li te wè bon konprann, li wè sa li vo.

Li egzaminen l byen egzaminen, li sonde l byen sonde.

28Apre Sòm 111.10; Pwo 1.7; 3.7; 14.16; 16.6; Ekl 12.13 sa, Bondye di moun konsa:

— Gen krentif pou Bondye, se sa ki rele bon konprann.

Vire do bay sa ki mal, men sa ki rele gen lespri.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help