1Men mesay Senyè a bay pwofèt Jeremi
Poukisa towo bèf nou an pa kenbe tèt?
Se Senyè a ki lage l atè!
16Li Lev 26.37 fè sòlda yo bite, yo tonbe yonn sou lòt.
Yonn ap di lòt: Leve non! Ann tounen lakay nou, nan peyi nou!
Ann chape anba nepe lènmi yo!
17Yo bay farawon an, wa Lejip la, yon lòt non.
Yo rele l: Paladò.
Li kite lè a pase!
18Mwen Jij 4.6; 1 Wa 18.42,44; Jer 48.15 menm Senyè ki gen tout pouvwa a,
se mwen ki wa. Men sa m di:
Se mwen ki Bondye vivan an.
Moun k'ap vini pou atake nou an
ap tankou mòn Tabò ki nan mitan lòt mòn yo,
tankou mòn Kamèl ki kanpe byen wo nan lanmè a.
19Nou menm moun peyi Lejip,
mare pakèt nou pou yo depòte nou!
Lavil Menmfis pral tounen yon dezè,
yon bann miray kraze, san pèsonn ladan l.
20Peyi Jer 1.13; Oze 10.11 Lejip te tankou yon bèl gazèl.
Men, yon tanwan sòti nan nò vin atake l.
21Peyi Jer 50.27 Lejip te pran yon bann moun lòt nasyon sèvi sòlda nan lame li.
Men, yo te gra tankou towo chatre ki nan manje.
Yo menm tou yo pa kanpe goumen.
Yo vire do yo, yo tout kouri met deyò,
lè jou malè yo rive sou yo,
lè jou chatiman yo a tonbe sou yo.
22Peyi Eza 10.34; 14.8; 29.4 Lejip ap tankou koulèv k'ap kouri pou moun,
l'ap kouri ale lè lame lènmi l yo ap pwoche.
Y'ap atake l ak rach tankou moun k'ap koupe pyebwa.
23Yo Jij 6.5 mete tout gwo rakbwa yo atè,
rakbwa kote moun pat ka antre a.
Lènmi yo anpil, ou pa ka konte yo.
Sòlda yo pi plis pase yon lame krikèt.
Se Senyè a menm ki di sa.
24Moun Lejip yo wont,
pèp ki sòti nan nò a kraze yo.
25Men Jer 43.12 sa Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di ankò:
— Mwen pral pini Amon, bondye lavil Tèb la. Mwen pral pini farawon an, pèp peyi Lejip la, ak tout chèf li yo ak tout bondye l yo. Wi, mwen pral pini farawon an ansanm ak tout moun ki te mete konfyans yo nan li.
26M'ap Jer 44.30; Eze 29.13-14; 32.11 lage yo nan men moun ki sòti pou touye yo a, nan men Nebikadneza, wa Bibilòn lan, ak lame moun pa l yo. Men, apre sa, moun va rete nan peyi Lejip la tankou nan tan lontan. Se mwen menm Senyè a ki di sa.
Senyè a ap delivre pèp li a27Nou Jer 30.10,11 pa bezwen pè,
nou menm pitit Jakòb, sèvitè mwen an.
Nou pa bezwen tranble,
nou menm moun pèp Izrayèl yo.
M'ap vin delivre nou nan peyi lwen sa yo.
M'ap vin sove pitit nou yo
nan peyi kote yo te depòte nou an.
N'ap tounen lakay nou
pou nou viv ak kè poze,
san pèsonn pa chache nou kont ankò.
28Nou Jer 10.24 menm pitit Jakòb, sèvitè mwen an, nou pa bezwen pè.
M'ap vin jwenn nou, m'ap sove nou.
Se Senyè a menm ki di sa.
M'ap disparèt tout nasyon kote mwen te gaye nou yo.
Nou menm, mwen p'ap detwi nou.
Men, pou pini se pou m pini nou, jan sa dwe fèt.
Mwen p'ap kite anyen pou nou.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.