Ezekyèl 24 - 1998 Haitian Creole

Parabòl chòdyè wouye a

1Nan dizyèm jou dizyèm mwa nevyèm anba chòdyè a.

Kite dlo a bouyi byen bouyi

jouk vyann lan ak zo yo byen kwit.

6Men Ala traka pou wete lawouj la!

Atousa, lawouj la p'ap fin sòti nèt nan dife a.

13Jerizalèm, Eza 22.14; Eze 5.13 lawouj la se vye malpwòpte ou t'ap fè nan libètinay ou yo. Mwen te sòti pou m te mete ou nan bon kondisyon, men ou pa rive fin nan bon kondisyon an nèt. Se poutèt sa, ou p'ap janm nan bon kondisyon ankò toutotan mwen pa fè ou santi tou sa mwen ka fè ou nan kòlè mwen.

14Se Nonb 23.19; 1 Sam 15.29; Eze 5.11; 17.24 mwen menm, Senyè a, ki pale. Lè a rive pou m fè sa m te di m'ap fè a. Mwen p'ap chanje lide. M'ap san pitye, mwen p'ap pran priyè. Yo pral pini ou pou sa ou te fè, pou jan ou te mennen bak ou. Se Senyè sèl Mèt la ki di sa.

Madanm pwofèt la mouri

15Senyè a pale avè m, li di m konsa:

16— Ras Adan! Mwen pral rete konsa, mwen pral pran moun ou renmen tankou de grenn je nan tèt ou a. Men, pa plenyen, pa rele pa kite dlo kouri nan je ou!

17Plenn Lev 10.6; 2 Sam 15.30; Jer 16.5-7; Oze 9.4 sò ou. Men, pa kite moun tande ou! Pa fè anyen ki pou moutre ou nan lapenn tankou yon moun ki gen lanmò. Mare bèl foula ou nan tèt ou. Mete sapat nan pye ou. Pa kouvri figi ou. Pa manje manje moun voye ba ou.

18Jou sa a nan maten, mwen t'ap pale ak pèp la. Nan aswè, madanm mwen rete konsa, li mouri. Nan denmen maten, mwen fè jan Senyè a te di m fè a.

19Pèp Eze 17.12 la mande m:

— Eske ou ka di nou poukisa ou fè sa w'ap fè la a?

20Mwen reponn yo:

— Senyè a te pale avè m, li te di m,

21pou m Jer 7.12,14; Eze 7.20,21; 23.47 di moun pèp Izrayèl yo men mesay Senyè sèl Mèt la voye pou yo: Nou kontan gwo kay solid nou mete apa pou mwen an. Nou renmen l tankou de grenn je nan tèt nou, nou fèb anpil pou li. Enben, mwen pral fè yo derespekte kay mwen an. Pitit gason ak pitit fi nou te kite lavil Jerizalèm yo pral mouri nan lagè.

22Lè Eze 4.17 sa a, n'a fè jan nou wè m fè a. Nou p'ap kouvri figi nou, nou p'ap manje pen nan men moun.

23N'ap toujou mare bèl foula nan tèt nou. N'ap toujou mete sapat nan pye nou, nou p'ap rele, nou p'ap kriye jan moun yo fè lè yo gen lanmò. Men, nou pral deperi akòz mechanste nou yo. Nou pral plenn sò nou yonn bay lòt.

24Ezekyèl Eza 20.3; Eze 4.3 menm pral yon siy pou nou. N'a fè menm jan li te fè a. Lè bagay sa a va rive, n'a konnen se mwen menm ki Senyè sèl Mèt la.

25Senyè a di m konsa:

— Nonm o! M'ap wete nan men yo kay byen solid ki te tout pwoteksyon yo a, bèl kay ki te fè kè yo kontan an, kay yo te renmen tankou de grenn je nan tèt yo a, kay yo te fèb anpil pou li a. M'ap wete l ansanm ak pitit gason ak pitit fi yo.

26Jou Eze 33.21,22 sa a, yon moun va chape kò l, l'a kouri vin pote nouvèl la ba ou.

27Menm jou sa a, w'a ka louvri bouch ou pale ak moun ki chape a. Wi, w'a ka pale, ou p'ap bèbè ankò. Se konsa ou va yon siy pou pèp la. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Senyè a.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help