Sòm 51 - 1998 Haitian Creole

SÒM 51 (50)Lapriyè pou mande padon(1) Pou Sòm 106.45; Eza 44.22; Tra 3.19 chèf sanba yo. Se David ki te ekri sòm sa ab(2) lè Jer 4.14; Tra 22.16; Eb 9.14; 1 Jan 1.7 pwofèt Natan te vin pale avè l aprè adiltè li te fè avèk Batcheba.

1(3) Gen Sòm 32.5 pitye pou mwen, Bondye.

Jan ou gen bon kè sa a!

Tanpri, efase tou sa mwen fè ki mal,

paske ou gen kè sansib.

2(4) Lave m, Jen 39.9; 2 Sam 12.13; Lik 15.18,21; Wòm 3.4 foubi m pou wete fòt mwen fè a.

Netwaye m pou efase peche m lan.

3(5) Mwen Jòb 15.14; Wòm 5.12,19 rekonèt sa m fè a pa bon.

Se tout tan peche m lan devan je m.

4(6) Se Jòb 38.36 kont ou menm menm mwen peche Se pa kont lòt moun.

Mwen fè sa ou pa dakò moun fè.

Se sa ki fè ou gen rezon lè ou kondannen yon moun.

Moun pa ka fè ou okenn repwòch lè ou fin jije.

5(7) Wi, Lev 14.4,6,7; Sòm 51.2; Eza 1.18 depi mwen fèt, mwen fèt nan peche.

Depi nan vant manman m, san peche a nan venn mwen.

6(8) Men, ou vle pou yon moun sensè nan tou sa l'ap fè.

Tanpri, fè m konprann tout bagay non!

7(9) Wete Sòm 51.1; Jer 16.17 peche m lan avèk yon branch izòp, konsa m'a nan kondisyon pou m fè sèvis pou ou.

Lave m, m'a pi blan pase koton.

8(10) Fè m 1 Sam 10.9; Sòm 24.4; 78.37; Jer 24.7; Eze 36.26 tande pawòl ki pou fè kè m kontan an,

pawòl ki pou fè m chante a.

Wi, ou te kraze tout zo nan kò m,

men w'a fè kè m kontan ankò.

9(11) Wete Jen 4.14; 2 Wa 13.23; Jer 7.15 peche mwen yo devan je ou.

Efase tout fòt mwen fè yo.

10(12) O Wòm 8.15; 2 Kor 3.17 Bondye, pa kite okenn move lide nan kè m.

Mete bon lide nan tèt mwen, pou m sa kenbe fèm.

11(13) Pa Lik 22.32 voye m jete.

Pa wete lespri ou te ban mwen an.

12(14) Sove m. 2 Sam 11.17; 12.9; Sòm 24.5; 71.15 Fè kè m kontan ankò.

Ban m bon lide ki pou fè m toujou obeyisan.

13(15) Lè sa a, m'a moutre moun k'ap fè peche yo tout kòmandman ou yo,

pou yo sa tounen vin jwenn ou.

14(16) Pa Sòm 40.6 kite yo tire revanj sou mwen,

Bondye, se ou k'ap sove lavi m.

N'a fè konnen jan ou gen bon kè.

15(17) Senyè Sòm 34.18 mwen, mete pawòl nan bouch mwen

pou m ka fè lwanj ou.

16(18) Si se bèt ou ta vle yo touye pou ofri ou,

mwen ta ofri bèt ba ou.

Men, ou pa pran plezi nan vyann bèt y'ap boule ofri ba ou yo.

17(19) Ofrann Det 33.10; Sòm 4.5; Mal 3.3 ki fè Bondye plezi, se lè yon moun soumèt tèt li devan li.

Bondye, ou p'ap janm meprize moun ki soumèt tèt li devan ou, moun ki rekonèt tò li.

18(20) O Bondye, fe anpil byen pou mòn Siyon, paske ou gen bon kè.

Rebati miray lavil Jerizalèm yo.

19(21) Se lè sa a w'a pran plezi nan ofrann bèt ou mande pou yo touye pou ou yo,

nan vyann bèt ak lòt ofrann y'ap boule nèt pou ou yo.

Se lè sa a y'a ofri jenn towo bèf sou lotèl ou a.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help